FAQ

Wi! Ou pa bezwen deplase al riske vi w pou w ale touche byen w ke w genyen osnon bagay ke w vann. Kit ou Ayiti osnon aletranje, ou ka fè nenpòt moun kap peye w la ale lakay yon ajan OMNI pou li swa depoze OMNI sou kont li voye ba ou osnon tou voye OMNI yo ba ou dirèkteman. Lè sa a, lap peye ajan an yon frè ki fiks ki se 2 OMNI pou sa. Ou menm, si w aletranje, ou peye sèlman 2 OMNI tou pou w vann OMNI sa yo ak yon ajan pou w ka jwenn dola.

OMNI Kredi se ofri yon sèvis mikwokredi an liy epi yon platfòm tranzaksyon elektronik, men li pa yon bank. Sèvis bankè yo bay ak kat debi patnè OMNI NOVAS Groups, LLC yo bay.

NON ! OMNI+ pa menm jan ak yon stòk makèt. Se yon pwodui ki stab epi ki gen menm vale ak dola a. Pa gen okenn posibilite pou w ta pèdi OMNI ou yo. OMNI ou yo genyen yon garanti ki tou kouvri yo pou yon valè ki reprezante 2 fwa sa w depoze yo.

Li obligatwa pou moun yo kite ekivalan $3.5 US an OMNI sou kont yo pou li ka rete aktif. Si yon moun retire li epi kite kont li a 0, sistèm nan ap dezaktive li epi l ap bezwen peye $4.25 OMNI pou li reaktive li.

Kit ou fèk kòmanse oswa deja yon pwofesyonèl, OMNI Kredi fè li fasil pou w envesti nan OMNI+. OMNI+ se yon kont espesyal kote w ka jwenn plis lè w depose OMNI w pou yon dire ki pou pi piti 3 mwa. Si w depose 10000 OMNI, pa egzanp, wap jwenn 10 OMNI chak jou ke app la jenere ba ou. Sa ap fè w 300 OMNI anviwon nan yon mwa ki genyen 30 jou. Ou ka toujou itilize 300 OMNI sa yo jan w vle pandan lòt OMNI w yo sere yon kote pou yo fè pitit. Li tap pran w 15 lane pou yon bank mete sa a sou kont paw. Kidonk, ou ka planifye avni w ak retrèt ou nan OMNI+

Avèk yon kont OMNI Kredi, ou ka resevwa depo sou kont ou depi nenpòt ki kote ki genyen ajan OMNI. Li pran 15 segonn pou li depoze sou kont ou epi jiska 2 jou pou w li klarifye avan ou ka jwenn kash pou li. Anplis, retrè ATM OMNI yo gratis lè w gen omwen 500 OMNI ki depoze sou kont ou chak mwa. Konsa tou, ou ka voye OMNI ou yo sou debi kat ou san w pa bezwen deplase. Kidonk, ou pa bezwen riske vi w lè w genyen OMNI Kredi. Nap fè w Kredi a epi w ka peye Ayiti osnon laba.

Yon kredi pa yon prè. Yon kredi se pito yon tranzaksyon ki fèt avèk garanti ke fason pou remèt li a diskite pou li bay nan yon peryòd ki tou kout. Konsa tou, li kapab fèt sou baz garanti ke moun kap peye kredi a bay yon patnè tyès kenbe li pou yon lòt ajan ki kote moun kap resevwa a ka bay li. Ajan OK yo se patnè tyès yo ki la pou garanti tranzaksyon sa yo. Menm si yon kredi pa yon prè, men kliyan ki fè tranzaksyon sou OK ka prete OMNI sou sitèm nan pou fè trankazsyon pa yo.

Kredi OMNI yo ka wete nan koperativ ak kay ajan ki patnè nou yo. Nan app la, Itilizatè yo ka wè nan chak vil ak depatman lis koperativ ki pi pre zòn yo ye a pou yo ale wete li. Lè yo rive, yo ap di ke yo vin retire OMNI Kredi sou app yo. Lè sa, yon ajan nan koperativ sa yo ap ka oryante yo pou fè sa. Tout moun k ap resevwa kredi yo ap jwenn yon SMS. Moun ki voye kredi yo tou ap resevwa SMS de OMNI Kredi. Aprè sa, li depann de ki kantite moun ki fè tranzaksyon sou sistèm nan pou jounnen an. Li ka pran ant 5 minit ak 24è de tan pou yon ajan nan sèvis kliyan ki nan zòn kote moun nan ye a kontakte l pou l ka resevwa kredi a sou fòm OMNI. Lè konsa, si li potko janm genyen app la, ajan an ap enstale li pou li si telefòn li an ka pran li. Se mèt kont lan ki dwe toujou mete nimewo PIN li an sou app la sou telefòn nan. Tout Itilizatè yo ap resevwa mesaj sou yon nimewo whatsapp entènasyonal pou yo ka konnen ki ajan ki pi prè pou yo ka wete kredi a. Yo ap resevwa yon SMS tou. Si sèvis kliyantèl la pa ka jwenn Itilizatè yo sou whatsapp, kòdonatè nasyonal la ap kontakte moun nan nan yon apèl telefonik nòmal pou fè sa. Si yo pa rive jwenn moun nan, biwo santral la ap voye yon SMS bay moun ki te voye kredi a pou fè l konnen sa. Konsa tou, yon mou ki gentan jwenn sèvis la ka toujou lae kote li konn abitye wete a pou li ka fè sa.

Ou kapab fè tranzaksyon ak OMNI lè w bezwen achte osnon peye. Kit se pou kay ki nan lwaye, lekòl pitit ak fanmiy ki pou peye osnon dèt lopital, OMNI se pi bon pwopriyete vityèl ou kapab genyen pou tranzaksyon sa yo. Ou pa bezwen mache ak magogo OMNI sou ou paske nou ka al livre l ba ou avèk Drone nou yo nenpòt kote. Sispann viv nan KO ! Telechaje OK ! OK ?

1- Se pa yon moun k ap analize kapasite w pou prete w, men se pito yon entelijans atifisyèl ki la pou sa.
2- OMNI Kredi pap ka prete w san li pa konnen w. Kidonk, ou dwe yon Kliyan ki konn fè tranzaksyon depi pou pi piti 2 mwa.
3- Ou dwe mete bon foto w sou sistèm nan. Ou pa dwe fè foto yon foto w osnon foto yon objè. Sinon, entelijans atifisyèl la ap jis sispekte ke w se yon itilizatè ki sou fè fwod e ou ka pa janm jwenn chans jwenn kredi.

4- Pou OMNI Kredi konnen w, aplikasyon an ka mande w kote w rete ak pèmisyon pou li itilize done ki ankripte pou konnen ke w di la verite sou kote w rete a (okenn moun pap ka dechifre done sa yo pou jwenn bon adres ou).
5- Entelijans atifisyèl sa kapab verifye si w di la verite pa egzanp sou kote wap travay, kote w rete, legliz ou mache elatriye.
6- Entelijans atifisyèl sa a baw pwen sou kredi w sou Kijan w prete, kijanw remet, ki repitasyon ou genyen sou entènèt la ak sou sistèm nan. Pa egzanp, lòt biwo ou konn prete deja ka banou enfomasyon sou Kijan de kliyan ou ye.
7- Ou dwe tcheke aplikasyon an pou wè si li ofri w kredi. Si li pa ofri w, sa vle di ou poko kalifye.
8- Dapre Score OMNI ou genyen nan kredi w, aplikasyon an ap mande w pou w aksepte oswa refize kèk kredi OMNI ke ou ka echanje atravè Ajan yo pou resevwa kach kòm kredi ke ou dwe ranbouse. Li pran sèlman kèk minit pou w bay enfòmasyon sa yo epi pou w koumanse tranzaksyon sa yo.

Moun kap resevwa a kapab resevwa kredi yo an OMNI. 1 OMNI egal $1 US. Kidonk, kantite OMNI moun nan genyen sou kont li se kantite dola li ye tou. Li ka retire OMNI li yo an dola. Itilizatè kap retire a prale jwenn ajan OMNI ki pi prè a pou li ka vann li OMNI li yo epi resevwa dola pou yo. Ajan an ap tou montre moun kap wete a kouman pou li fè sa.

Pou moun ki gen telefòn ki pa ka pran app Android osnon iOS yo, y ap sèlman bay ajan an nimewo telefòn yo pou ajan an ka itilize telefòn pa li pou ede yo fè tranzaksyon yo. Yo ap sèlman bay ajan an #telefòn yo men se yo ki dwe mete PIN ke OMNI Kredi te voye ba yo nan SMS la. Se konsa y ap ka mete osnon wete kredi sou fòm OMNI sou app la sou telefòn ajan yo.

Moun yo ka rechaje kont yo ak OMNI nan nenpòt kote yo wè ki ekri Haiti OK. Moun k ap resevwa a ka resevwa kredi yo an OMNI. 1 OMNI egal $ 1 US. Kidonk, kantite OMNI pèp la genyen sou kont li se tou kantite dola li genyen literalman. Si yon moun voye 200 OMNI bay yon lòt moun se tankou li te voye $200 US tou ba li. Kidonk, moun kap retire sou kont yo ka retire OMNI yo an dola. Sepandan, OMNI se pa yon OMNI kripte menm jan ak kèk lòt ki sou mache a. OMNI pap janm pèdi valè. E menm si dola a ra tonbe atè plat, yon moun kapab vann OMNI li yo nan yon lòt deviz ki pi wo. Frè yo ap afiche nan aplikasyon kap la pou fè tranzaksyon sa yo. Dola yo kapab konvèti an OMNI ki se yon pwopriyete vityèl ke moun ka echanje ak lòt moun pou tout tranzaksyon ki nan lavi reyèl pa entèdi pa lalwa.

Pou kounye a, tout kliyan OMNI Kredi yo genyen dwa ak yon kat debi Visa osnon MasterCard gratis pou aplikasyon OMNI Kredi a. Sepandan, se app la kap di w kilè ou kalifye pou li. Si w aksepte òf kat la, wap tou wè nimewo kat la nan app la lè pou w fè tranzaksyon entènasyonal sou li. Si w pa wè opsyon sa a nan app la, sa vle di ou poko kalifye pou li.

Nimewo PIN nan genyen 4 chif. Li pa ka genyen ni plis ni mwens. Li pa ka genyen lòt bagay non plis ke chif. Moun yo dwe evite mete PIN ki twò fasil tankou dat yo fèt, 4 dènye osnon premye chif telefòn yo paske, pou kounye a, nenpòt moun ki konnen PIN nan ak telefòn nan ka fè tranzaksyon sou kont l an e OMNI Kredi pa responsab sa. Sepandan, OMNI Tech ap travay sou teknoloji ki pou pèmèt ke app la fè foto moun yo pou verifye ke se yo menm vre ki mèt kont lan lè pou yo mete, voye, osnon wete kredi sou fòm OMNI sou kont yo. Moun yo dwe konekte nan app la la menm yo resevwa PIN tanporè OMNI Kredi voye ba yo yo pou yo mete pa yo. Moun kap retire kredi sou fòm OMNI yo pa dwe kite okenn moun konnen PIN yo. Menm ajan yo pa dwe konnen PIN nan. Si se sou telefòn pa yo ke yo konekte, sistèm nan ap toujou mande yo pou yo seleksyone areya kòd peyi yo a ansanm ak PIN nan chak fwa yo vle konekte. Si se sou telefòn pa yon ajan moun kap voye, mete, osnon resevwa kredi sou fòm OMNI yo ap konekte, yo dwe dekonekte sou app la avan menm yo deplase. Ajan an dwe montre yok e yo dekonekte sou telefòn nan avan menm yo deplase. Pou yo fè sa, y ap peze :

  1. pwofil,
  2. dekonekte,
  3. dekonekte nèt

Kit se moun kap voye kredi a osnon resevwa a, yo tou de dwe genyen app la pou fè tranzaksyon yo. Ajan yo tou dwe genyen app la. Kit se moun k ap mete osnon wete OMNI sou fòm kach, yo dwe mete nimewo ajan an osnon eskane QR Code pa ajan an.

Pou w kalifye sou sistèm nan pou w prete OMNI :

  1. Ou dwe genyen yon kont OMNI Kredi depi pou pi piti 2 mwa.
  2. Ou dwe aktive tou bouton ki make aktive plan pou prè yo; W ap peye 30 OMNI pou sa ki se ekivalan $30 US; Bouton sa ap ka dezaktive otomatikman pou kò l aprè 1 lane. Lè sa, wap kapab reaktive l si w renmen sèvis la.
  3. Ou dwe peze bouton ki make Aktive Prè a nan app OMNI Kredi a.
  4. Ou dwe fè tranzaksyon pou yon kantite OMNI ke app la ap di w konbyen li dwe ye pou li ka fè w etabli konfyans ak li. Depan de kredi w, ou ta dwe pou pi piti voye osnon resevwa 1500 OMNI epi sistèm nan ap otomatikman di w pou konbyen OMNI ou kalifye.
  5. Lè w pran kredi nan OMNI, ou gen pou pi piti 7 jou pou w bay li san enterè. Konsa tou, app la kapab pwopoze w pou w pran yon prè olye de yon kredi e se app la kap tou di w ki kantite li pwopoze w. Si w te pran yon kredi pou 7 jou ou pa peye li, sistèm nan ap chaje w ant 0.25 ak 0.50% frè kòm penalite chak jou jouk tan w fin peye l.
  6. Si w pa peye li, dosye a kapab ale nan koleksyon ak biwo kredi yo e w ka pa janm gen chans pou prete ankò sou sistèm nan.
  7. Tout sistèm OMNI yo tou konekte youn ak lòt. Ou ka pa janm jwenn chans benefisye avantay kap vini yo paske ou ka vin tounnen yon kat make. Atansyon, ou pap kapab genyen plizyè kont sou sistèm nan menm si w ta itilize lòt enfòmasyon.

Pou yon moun reaktive kont li, l ap ale kote yon ajan pou li mete kredi sou kont li. Sistèm nan ap otomatikman touche $4.25 l an avan epi l ap tou reactive kont kliyan an.

Category:

Jeneral/General

Byenveni nan OK. OMNI Kredi se yon aplikasyon ki pèmèt itilizatè yo kreye kont yo ak posibilite pou voye ak resevwa kredi lè yo itilize OMNI ki se yon pwopriyete vityèl ke OMNI NOVAS Groups LLC kreye. OMNI Kredi ap travay kòm yon sèvis sou Entènèt ki pèmèt moun yo, kit yo abite aletranje oswa an Ayiti, ka voye OMNI kòm kredi bay fanmi yo ak zanmi yo ann Ayiti osnon fè kredi pou yo. Menm jan an tou, Ayisyen k ap viv ann Ayiti kapab voye OMNI kòm kredi bay fanmi yo ak zanmi yo aletranje tou. Achtè sou Entènèt yo kapab tou itilize sèvis OMNI Kredi a pou yo gen pwòp kat debi oswa kat kredi pa yo pou achte sou entènèt nan nenpòt peyi. Sèvis kat debi ak kat kredi a poko disponib men yo pral vini byento.

Kredi se pa yon prè. Yon prè se plis yon tranzaksyon garanti pase yon kredi pou yon ti tan tou kout. Ajan OK yo se patnè tyès ki la pou sekirize tranzaksyon sa yo. OMNI NOVAS Groups, LLC opere sistèm nan epi garanti ke tranzaksyon yo fèt san okenn pwoblèm.

Kit yo ap voye oswa resevwa kredi a, moun k ap voye yo ak moun k ap resevwa yo dwe tou de gen aplikasyon an pou fè tranzaksyon yo. Ajan yo dwe genyen tou aplikasyon an. Pou pwopriyetè telefòn ki pa fonksyone ni Android ni iOS, yo pral sèlman bay ajan yo nimewo telefòn yo pou ajan yo ka itilize pwòp telefòn pa yo pou ede yo fè tranzaksyon yo. Itilizatè yo sèlman ap bay ajan an # nimewo telefòn yo men se itilizatè yo ki dwe mete PIN ke OMNI Kredi voye ba yo nan SMS la.

Category:

Jeneral/General

OMNI Kredi se yon sèvis an liy ki pèmèt moun ki lòt bò voye kredi bay fanmi yo ak zanmi yo Ayiti. Konsa tou, moun ki Ayiti yo ka voye kredi pou fanmi yo ak zanmi yo a letranje. Moun kap achte sou entènèt kapab itilize sèvis OMNI Kredi a tou pou yo genyen pwòp kat debi yo osnon kat kredi yo pou yo achte sou entènèt nan nenpòt ki peyi. Sèvis pou kat debi ak kredi a poko operasyonèl. Nap fè tout moun konnen lè li pare.

OMNI Kredi itilize karakteristik sekirite avanse pou pwoteje plizyè milyon moun ak OMNI chak ane. Soti nan kadna verifikasyon rive nan chifreman done, nou pran mezi pou asire ke OMNI ou ak enfòmasyon yo an sekirite.

Imajine konbyen moun ki mouri osnon kidnape nan soti chache OMNI labank osnon nan biwo transfè? Ou imajine konbyen fwa lapolis jwenn ke se kèk nan menm moun ki travay nan biwo sa yo ki voye atake moun yo deyò a? Imajine w ale retire OMNI w travay di pou li a labank epi bank l an di w ou p ap ka retire tout sa. Ak OMNI Kredi pa gen tout saltenbank sa! Ou ka achte OMNI ak dola ou genyen yo epi revann OMNI ou an nenpòt ki kote ou vle pou w resevwa dola ankò. Moun ou voye OMNI ba yo yo ka vann yo an dola pou yo ka gen pi bon avantaj. Konsa tou lè w mete OMNI ou yo sou yon kont bloke, chak jou ou resevwa otomatikman 1 OMNI pou chak 1000 OMNI ki sou kont bloke ou a.

  1. Pou rezon sekirite ou pap janm wè yon ajan OMNI ki genyen mayo sou li osnon kepi paske se kesyon Dola key o ap jere.
  2. W ap jwenn kèk biznis ki make Ayiti OK (Haiti OK) ki se mwayen pou w konnen si yon biznis se yon Ajan OMNI Kredi. Si w bezwen jwenn yon ajan, ale kote ki make Jwenn yon Ajan nan app la.
  3. Ou dwe ale lakay yon Ajan OMNI Kredi pou tout tranzaksyon ou yo.
  4. W ap jwenn lis la isit la (sonje byen ke pou rezon sekirite, se pa tout ajan Ki dakò pou enfòmasyon yo piblik pou yo pa sibi atak.
  5. Menm si w pa jwenn yon ajan nan lis sa a la a, ou ka toujou mande OMNI Kredi pou verifye pou ou si genyen yon ajan nan zòn pa w la).
  6. Sonje byen, Depi li depase 500 OMNI pou plis, OMNI Kredi ka pote li lakay ou gras ak Drone Nou yo. Wap peye ant  $10 US rive $40 US pou sevis OMNI Drone sa.

LIS AJAN NOU YO: https://jet.omnihaiti.com/nosagents/

OMNI Kredi ap goumen pou koumanse mete ATM yo tout kote a twò lontan. Si w ta vle vin yon ajan, klike isit la

Category: Jeneral/General