Vin yon patnè youn nan konpayi kredi sou entènèt ki ap grandi pi rapid nan moman sa la…
Lè ou se yon ajan OMNI Kredi se yon gwo opòtinite ou jwenn paske ou ka sèvi ak pwòp lajan ou pou w kòmanse fè anpil pwofi. Ou ka jwenn yon liy kredi ki rive jiska 10,000 OMNI (US) pou w ka fè tranzaksyon lè patnè nou yo bezwen fè depo sou kat yo, retrè, prete, achte, voye ak resevwa OMNI an dola US sou kont yo. Yo ka fè retrè sou kat debi osnon kredi yo lakay ou menm si yo pa genyen kat la ak yo. Sila ki prete yo ka peye OMNI Kredi lakay ou tou epi sa ki bezwen yo ka vin retire sa yo prete nan men OMNI Kredi nan biznis ou. Lè sa w ap benefisye 1.47% sou tout tranzaksyon sa yo epi kèk prè nan OMNI Kredi pou sa. Ou ka ede tou pwoteje lavi yon manm fanmi, yon zanmi, oswa yon moun ou renmen anpil tou paske OMNI Kredi (OK) pèmèt moun yo mache lib e san panik, san pwoblèm, epi fè tranzaksyon yo an tout sekirite. Ou ka ede mete fen ak krim kap fèt sou moun kap manyen lajan nan peyi nou an tou. Avèk OK, ou ka jwenn tou yon avantaj sou konpetitè ou yo epi ogmante trafik nan magazen ou a ak sèvis mikwokredi nou yo, sèvis ranbousman, ak kredi OMNI yo.
Fòmilè pou w vin yon ajan
Èske w enterese vin yon ajan OK? Ranpli fòm sa a pou nou ka aprann plis sou ou, epi n ap kontakte ou dirèkteman. Tanpri sonje ke biznis ou an dwe ouvri pou piblik la kounye a pou OMNI ka konsidere w. Se pa yon pwoblèm si ou pa deja gen yon biznis. Si ou pa gen yon biznis, ou kapab tou kòmanse youn avèk nou. Pou fè sa, w ap bezwen yon adrès fiks pou tranzaksyon yo. Nou pral akonpaye ou atravè pwosesis legal yo.
Gade videyo nou yo sou Facebook, Instagram, YouTube, ak Twitter pou w aprann avantaj ki genyen lè w vin yon Ajan Kredi nan OMNI.
Poukisa nou kreye App OMNI Kredi a?
KO Ensekirite ak OK!
- Imajine konbyen moun ki mouri oswa kidnape an Ayiti pandan yo t ap soti nan bank yo oswa biwo transfè yo?
- Èske w ka imajine konbyen fwa envestigatè lapolis yo jwenn kèk nan menm moun ki travay nan biwo ak bank sa yo se yo ki dèyè atak sa yo?
- Imajine w ale nan bank ou pou w retire kòb ou bay san pou li a pou w ka touche nan travay ou epi bank ou a di w ke ou pap kapab retire li. Se pa kòb ou? OMNI Kredi pa gen tout sa “ saltenbank sa ”! Ann jis sispann KO sa a ansanm!