3-Jul

Kijan Kredi yo Deside epi Bay?

1- Se pa yon moun k ap analize kapasite w pou prete w, men se pito yon entelijans atifisyèl ki la pou sa.
2- OMNI Kredi pap ka prete w san li pa konnen w. Kidonk, ou dwe yon Kliyan ki konn fè tranzaksyon depi pou pi piti 2 mwa.
3- Ou dwe mete bon foto w sou sistèm nan. Ou pa dwe fè foto yon foto w osnon foto yon objè. Sinon, entelijans atifisyèl la ap jis sispekte ke w se yon itilizatè ki sou fè fwod e ou ka pa janm jwenn chans jwenn kredi.

4- Pou OMNI Kredi konnen w, aplikasyon an ka mande w kote w rete ak pèmisyon pou li itilize done ki ankripte pou konnen ke w di la verite sou kote w rete a (okenn moun pap ka dechifre done sa yo pou jwenn bon adres ou).
5- Entelijans atifisyèl sa kapab verifye si w di la verite pa egzanp sou kote wap travay, kote w rete, legliz ou mache elatriye.
6- Entelijans atifisyèl sa a baw pwen sou kredi w sou Kijan w prete, kijanw remet, ki repitasyon ou genyen sou entènèt la ak sou sistèm nan. Pa egzanp, lòt biwo ou konn prete deja ka banou enfomasyon sou Kijan de kliyan ou ye.
7- Ou dwe tcheke aplikasyon an pou wè si li ofri w kredi. Si li pa ofri w, sa vle di ou poko kalifye.
8- Dapre Score OMNI ou genyen nan kredi w, aplikasyon an ap mande w pou w aksepte oswa refize kèk kredi OMNI ke ou ka echanje atravè Ajan yo pou resevwa kach kòm kredi ke ou dwe ranbouse. Li pran sèlman kèk minit pou w bay enfòmasyon sa yo epi pou w koumanse tranzaksyon sa yo.

Leave a comment