Categories:
Ajan/Agents,
Jeneral/General,
Kliyan/Clients
Pou w kalifye sou sistèm nan pou w prete OMNI :
- Ou dwe genyen yon kont OMNI Kredi depi pou pi piti 2 mwa.
- Ou dwe aktive tou bouton ki make aktive plan pou prè yo; W ap peye 30 OMNI pou sa ki se ekivalan $30 US; Bouton sa ap ka dezaktive otomatikman pou kò l aprè 1 lane. Lè sa, wap kapab reaktive l si w renmen sèvis la.
- Ou dwe peze bouton ki make Aktive Prè a nan app OMNI Kredi a.
- Ou dwe fè tranzaksyon pou yon kantite OMNI ke app la ap di w konbyen li dwe ye pou li ka fè w etabli konfyans ak li. Depan de kredi w, ou ta dwe pou pi piti voye osnon resevwa 1500 OMNI epi sistèm nan ap otomatikman di w pou konbyen OMNI ou kalifye.
- Lè w pran kredi nan OMNI, ou gen pou pi piti 7 jou pou w bay li san enterè. Konsa tou, app la kapab pwopoze w pou w pran yon prè olye de yon kredi e se app la kap tou di w ki kantite li pwopoze w. Si w te pran yon kredi pou 7 jou ou pa peye li, sistèm nan ap chaje w ant 0.25 ak 0.50% frè kòm penalite chak jou jouk tan w fin peye l.
- Si w pa peye li, dosye a kapab ale nan koleksyon ak biwo kredi yo e w ka pa janm gen chans pou prete ankò sou sistèm nan.
- Tout sistèm OMNI yo tou konekte youn ak lòt. Ou ka pa janm jwenn chans benefisye avantay kap vini yo paske ou ka vin tounnen yon kat make. Atansyon, ou pap kapab genyen plizyè kont sou sistèm nan menm si w ta itilize lòt enfòmasyon.