21-Jun

Kijan PIN nan fonksyone?

Categories: Ajan/Agents, Jeneral/General, Kliyan/Clients

Nimewo PIN nan genyen 4 chif. Li pa ka genyen ni plis ni mwens. Li pa ka genyen lòt bagay non plis ke chif. Moun yo dwe evite mete PIN ki twò fasil tankou dat yo fèt, 4 dènye osnon premye chif telefòn yo paske, pou kounye a, nenpòt moun ki konnen PIN nan ak telefòn nan ka fè tranzaksyon sou kont l an e OMNI Kredi pa responsab sa. Sepandan, OMNI Tech ap travay sou teknoloji ki pou pèmèt ke app la fè foto moun yo pou verifye ke se yo menm vre ki mèt kont lan lè pou yo mete, voye, osnon wete kredi sou fòm OMNI sou kont yo. Moun yo dwe konekte nan app la la menm yo resevwa PIN tanporè OMNI Kredi voye ba yo yo pou yo mete pa yo. Moun kap retire kredi sou fòm OMNI yo pa dwe kite okenn moun konnen PIN yo. Menm ajan yo pa dwe konnen PIN nan. Si se sou telefòn pa yo ke yo konekte, sistèm nan ap toujou mande yo pou yo seleksyone areya kòd peyi yo a ansanm ak PIN nan chak fwa yo vle konekte. Si se sou telefòn pa yon ajan moun kap voye, mete, osnon resevwa kredi sou fòm OMNI yo ap konekte, yo dwe dekonekte sou app la avan menm yo deplase. Ajan an dwe montre yok e yo dekonekte sou telefòn nan avan menm yo deplase. Pou yo fè sa, y ap peze :

  1. pwofil,
  2. dekonekte,
  3. dekonekte nèt

Leave a comment