21-Jun

Ki etap pou nou wete kredi yo ?

Categories: Ajan/Agents, Jeneral/General, Kliyan/Clients

Kredi OMNI yo ka wete nan koperativ ak kay ajan ki patnè nou yo. Nan app la, Itilizatè yo ka wè nan chak vil ak depatman lis koperativ ki pi pre zòn yo ye a pou yo ale wete li. Lè yo rive, yo ap di ke yo vin retire OMNI Kredi sou app yo. Lè sa, yon ajan nan koperativ sa yo ap ka oryante yo pou fè sa. Tout moun k ap resevwa kredi yo ap jwenn yon SMS. Moun ki voye kredi yo tou ap resevwa SMS de OMNI Kredi. Aprè sa, li depann de ki kantite moun ki fè tranzaksyon sou sistèm nan pou jounnen an. Li ka pran ant 5 minit ak 24è de tan pou yon ajan nan sèvis kliyan ki nan zòn kote moun nan ye a kontakte l pou l ka resevwa kredi a sou fòm OMNI. Lè konsa, si li potko janm genyen app la, ajan an ap enstale li pou li si telefòn li an ka pran li. Se mèt kont lan ki dwe toujou mete nimewo PIN li an sou app la sou telefòn nan. Tout Itilizatè yo ap resevwa mesaj sou yon nimewo whatsapp entènasyonal pou yo ka konnen ki ajan ki pi prè pou yo ka wete kredi a. Yo ap resevwa yon SMS tou. Si sèvis kliyantèl la pa ka jwenn Itilizatè yo sou whatsapp, kòdonatè nasyonal la ap kontakte moun nan nan yon apèl telefonik nòmal pou fè sa. Si yo pa rive jwenn moun nan, biwo santral la ap voye yon SMS bay moun ki te voye kredi a pou fè l konnen sa. Konsa tou, yon mou ki gentan jwenn sèvis la ka toujou lae kote li konn abitye wete a pou li ka fè sa.

Leave a comment