Pwoteksyon OMNI Kredi bay

Benefis ki enkli nan OMNI Kredi:

Avantay OMNI Kredi:

  • Nan ka lanmò, OK ap peye fanmi w chwazi balans OMNI Kredi ki rete sou kont ou.
  • Si w nan OMNI+ epi w paka travay ankò osnon ou ta vin andikape totalman, chak mwa OK ap mete menm avantay yo san w pa peye frè.
  • Elimine difikilte finansye pou manm fanmi an nan ka lanmò oswa andikap. Kite OMNI+ pou yo.
  • Pa ale pran desepsyon labank pou yo di w ou pap kapab retire “san w” sou kont ou.

Nou ofri yon varyete kalite kredi

Eksplore kalite kredi nan lis ki pi ba a pou aprann plis de OK
  1. OK konstwi sou yon filozofi ke pèsòn pa gen dwa prete osnon jwenn kredi ak enterè si nou se frè.
  2. Tout moun ki kalifye pou sa kapab jwenn kredi osnon prè san yo pa peye okenn enterè. Yo sèlman bezwen remèt sa yo prete a osnon kredi a nan dat yo te dakò pou fè sa.
  3. Si yo pa remèt li a tan, yap peye yon penalite pou sa.
  4. Menm si OMNI Kredi pa prete osnon bay kredi ak enterè, li fè itilizatè li yo swiv anpil kondisyon ki pou pèmèt yo jwenn kredi osnon prè.
  5. Itilizatè yo sèlman peye penalite lè yo pa respekte angajman yo.
Kisa nou ofri sou OMNI Kredi?

1- Ou ka prete sou OMNI Kredi pou w voye bay fanmi w ak zanmi w aletranje osnon nan peyi kote wap viv la.

2- Ou ka depoze sou kat debi pa w osno pa lòt itilizatè OMNI Kredi yo. Konsa tou, ou ka retire sou kat debi w ou yo an dola meriken lè w gen OMNI Kredi.

3- 1 OMNI egal $1 US. Kidonk, kantite OMNI ou genyen sou kont ou se kantite dola li ye tou. Tout moun ka retire OMNI yo an dola.

Fè pwofi ak OMNI Kredi

Itilize pwòp kat pa w ou pou w ka prete pi devan

Ou menm, ou ka itilize menm teknik OMNI Kredi yo pou w fè benefis sou app OMNI Kredi a. Lè w kite tchotcho w labank li pa fè pitit. Achte OMNI pou w ka fè benefis chak jou. Ou pa bezwen tann fen mwa a.