Voye ak Resevwa (Mande)

Pou w voye OMNI pou w ka rechaje kont yon lòt moun, ou bezwen gen o mwen kantite OMNI w ap voye a plis 3 OMNI ki se balans minimòm ou dwe genyen sou kont ou pou li ka rete ouvè.

Pou w voye (rechaje kont yon lòt moun)

 

  1. Ou ka peze sou voye,
  2. chwazi kòd peyi a,
  3. ekri nimewo telefòn lòt itilizatè a,
  4. peze flèch vèt la sou bò dwat la (osnon bouton kontinye a),
  5. verifye ke non itilizatè a kòrèk,
  6. peze sou $0 pou ajoute kantite OMNI wap voye a,
  7. peze flèch vèt la sou bò dwat anba a (osnon bouton kontinye a),
  8. antre PIN ou,
  9. peze flèch vèt la ankò,
  10. glise flèch ki anba a pou konfime epi fini tranzaksyon an

Ou ka pataje deklarasyon tranzaksyon ou a lè w klike sou bouton “Share Statement” lan.

Pou w Mande

Pou w mande yon lòt moun sou OMNI Kredi 

  1. Ou ka peze sou Mande,
  2. chwazi kòd peyi a,
  3. ekri nimewo telefòn lòt itilizatè a,
  4. peze flèch vèt la sou bò dwat la (osnon bouton kontinye a),
  5. verifye ke non itilizatè wap mande a kòrèk,
  6. peze sou $0 pou ajoute kantite OMNI ou vle mande a,
  7. peze flèch vèt la sou bò dwat anba a (osnon bouton kontinye a),
  8. antre PIN ou,
  9. peze flèch vèt la ankò,
  10. glise flèch ki anba a pou w konfime epi fini tranzaksyon an

Ou ka pataje deklarasyon tranzaksyon ou a lè w klike sou bouton “Share Statement” lan.

Si ou pa gen yon Android oswa yon iPhone, ou ka ale kay yon ajan pou ede w ak tranzaksyon w lan. Ou ka jwenn lis ajan yo nan aplikasyon an. Sinon, ou ka rele +1-786-607-2050 pou jwenn èd nan men ekip nou yo. Ajan nou yo ap toujou gen yon telefòn disponib pou ou, men ou dwe asire w ke ou dekonekte anvan ou remèt ajan an telefòn nan.

Leave a comment