Moun ki anba nechèl sosyete a konte tou. Nou paka ale lwen si gen plis moun ki nan bafon an ke nan wout la. Se pou sa, nou bay aksè ak sila yo ki pi ba yo pou bati kredi yo pou genyen aksè pou prete tou. Prete pou envesti osnon fè lòt bagay pa dwe yon liks. Nou fè efò pou bay yo yon chemen nan aksyon nou poze pou sitwayen parèy nou yo ki soti nan pi ba nivo nechèl la ak tout mond lan pou yo avanse epi jwenn aksè pou aplike pou plis kredi atravè platfòm nou an. Se sa ki fè nou fè li san enterè ak yon pri ki pi ba pou frè ki dwe peye yo…