Kreye kont ou

OMNI Kredi fonksyone nan plis pase 143 peyi kounye a. Si w ap voye oswa resevwa nan OMNI Kredi, ou ta dwe gen aplikasyon an pou w fè tranzaksyon yo. Aprè w fin telechaje aplikasyon OMNI Kredi a, ou ka kreye pwòp kont ou si w suiv mesaj èd ki nan aplikasyon an. Ou pral bezwen pran yon selfie pou rezon sekirite pou asire w ke lòt moun pa pral kapab sèvi ak kont ou. Yon fwa ou gen yon kont, w ap bezwen verifye kont ou epi voye nimewo telefòn ou bay lòt itilizatè yo ki ta renmen voye ba ou oswa mande w sou OMNI Kredi.

Si ou menm ou ta renmen fè kat pa w la :
1- telechaje aplikasyon OMNI Kredi a isit la
a- Android: https://rb.gy/gflztb
b- iOS (iPhone & iPad) : https://rb.gy/9khlto

2- Kreye kont ou

3- Fè foto pyès pou idantifye w mete li sou telefòn nan, epi

a- ale nan pwofil ou nan aplikasyon an peze bouton wouj ki make “Klike pou w Verifye”
b- chwazi kalite pyès wap mete a (Paspò, Lisans pou kondui, CIN (Haiti/Dermalog), NID, SSN (USA), SIN (Canada), Lisans Komèsyal
c- mete nimewo pyès la kote ki make Nimewo Idantifikasyon an
d- Peze ti rektang l an pou w ka mete foto pyès la
e- Peze ajoute pou w ka fini pwosesis la

Ou dwe rete tann jiska 72h de tan pou sistèm nan verifye w epi apwouve w avan menm ke w kapab fè tranzaksyon yo. Si w genyen pwoblèm pou w fè sa, ale lakay nenpòt ajan an Ayiti yo pou yo ka ede w. Ou ka tou fè depo osnon retrè sou kat debi OMNI Kredi a lakay ajan yo.

 

Leave a comment