Pou ajoute oswa retire sa w genyen sou OMNI Kredi, ou bezwen gen yon kont an premye.
Pou ajoute
Kit se pou w depoze sou kont OMNI Kredi w pou w voye bay yon lòt moun, envesti, peye, oswa ranbouse kont OMNI Kredi w, gen o mwen sis fason pou depoze sou kont OMNI Kredi ou.
- Pi bon fason pou ajoute OMNI nan kont ou se jwenn yon ajan nan zòn ou an lè w chèche ajan ki pi pre yo nan aplikasyon an (oswa ISIT La ). Ou ka jis klike nan aplikasyon an sou lyen kote yo di ” Jwenn Yon Ajan ” ( ou ka klike la a tou ) epi sèvi ak filtè a pou jwenn youn ki pi pre a. Sa ap koute ou 2 OMNI pou chak tranzaksyon kèlkeswa kantite OMNI ou bezwen. Sinon, ou ka itilize youn nan lòt opsyon ki anba yo.
- Sèvi ak Zelle lè w voye li nan imèl nou an ok@omninovas.com osnon 754-224-8286
- Sèvi ak Venmo lè w voye l nan +1-754-224-8286 oswa +1-786-607-2050. Ou ka voye l tou @omninovas oswa eskane kòd QR ki anba a. Ou ka klike tou sou lyen sa a https://venmo.com/omninovas
4. Sèvi ak CashApp lè w voye li nan +1-754-224-8286 oswa $omninovas. Ou kapab tou eskane kòd QR ki anba a oswa klike sou lyen sa a https://cash.app/$OMNINOVAS
5. Sèvi ak yon kat debi oswa kredi lè w klike ISIT la. Ou ka eskane kòd QR ki anba a tou.
https://square.link/u/5h5JFEl9?src=sheet
6. Sèvi ak PayPal lè w voye li nan +1-754-224-8286 oswa ok@omninovas.com Ou kapab tou eskane kòd QR ki anba a osnon KLIKE ISIT LA.
* Toujou mete memo sa a anba a nan lang angle nan tout tranzaksyon ak nimewo telefòn ou oswa nimewo telefòn reseptè a. Sinon, ni ou menm ni moun nan p ap kapab jwenn kredi a :
Memo: Reimbursement OMNI Kredi #Phone and name of the client
Lè w ap ajoute OMNI pou premye fwa, ou dwe ajoute 3,5 OMNI anplis sou sa w ap itilize a pou kont ou a gen minimòm 3,5 OMNI ki se balans ki nesesè pou kont lan rete aktif.
Akselere Pwosesis la
Pou akselere pwosesis la lè w ap ajoute OMNI sou kont ou atravè Zelle , CashApp, Venmo, Square, ak PayPal, ou ka pataje yon ekran tranzaksyon w la avèk nou sou WhatsApp. Yon fwa ke tranzaksyon ou a valide, nou ka manyèlman apwouve li nan mwens pase 24 èdtan. Sinon, li ka pran jiska 72 èdtan.
Pou ajoute OMNI pa kat kredi/debi nan kont ou atravè app a
- Ou ka peze sou Achte OMNI,
- chwazi processeur a (PayPal, Stripe, OMNI105, oswa Stripe),
- ranpli fòm yo,
- konfime enfòmasyon an
Balans OMNI ou ap mete ajou otomatikman apre tranzaksyon an.
Pou jwenn OMNI a pi vit, ou ka pataje deklarasyon tranzaksyon w la pa WhatsApp nan +1-774-316-2926.
Pou retire lakay yon ajan (se vann ou vann ajan an)
Pou retire OMNI nan kont ou lakay yon ajan:
- Ou ka peze sou Vann,
- chwazi kòd peyi a,
- antre nimewo telefòn ajan an oswa eskane kòd QR ajan an,
- peze flèch vèt la sou bò dwat la (osnon bouton kontinye a),
- verifye ke se non ajan ki kòrèk la,
- peze sou $0 pou antre montan OMNI ou vle retire a,
- peze flèch vèt la sou bò dwat anba a (osnon bouton kontinye a),
- antre PIN ou,
- peze flèch vèt la ankò (osnon bouton kontinye a),
- glise flèch ki anba a pou konfime epi fini tranzaksyon an
Sonje ke, san konte kantite w ap retire a, ou dwe gen omwen 3 OMNI ki rete sou kont ou kòm balans minimòm lan. Si balans ou ap desann pi ba pase 3 OMNI, tranzaksyon an ap echwe.
Ou ka pataje deklarasyon tranzaksyon ou a ak lòt moun lè w klike sou bouton “Share Statement”.
Si ou pa gen yon Android oswa yon iPhone, ou ka ale nan yon ajan pou ede w ak tranzaksyon w la. Ou ka jwenn lis ajan yo nan aplikasyon an. Sinon, ou ka rele +1-786-607-2050 pou jwenn èd nan men ekip nou yo. Ajan nou yo ap toujou gen yon telefòn disponib pou ou, men ou dwe asire w ke ou dekonekte anvan ou kite.