AKÒ KREDI OMNI Kredi a
 
    Pou Ajan kap itilizite app OMNI Kredi yo

 

  • Akò itilizasyon aplikasyon OMNI Kredi yo ki se an menm tan akò pou jan Ajan yo dwe bay kredi yo (“Akò a”) efektif nan dat, ke Ajan an konekte sou kont li pou premye fwa nan aplikasyon yo e aplike tou chak jou ak lè ke Ajan an ansanm ak Itilizatè a fè tranzaksyon sou sistèm nan. Akò a renouvle chak fwa yon tranzaksyon fèt. Tout Itilizatè yo ansanm ak Ajan yo rekonèt tou ke yo dakò ak akò sa a depi yo itilize platfòm OMNI Kredi yo, OMNI an jeneral ak OMNI NOVAS Groups, LLC an patikilye.
  • Akò sa a siyen,

  1. ANT:                                   OMNI NOVAS Groups, LLC (“Itilizatè kap fè kredi a”), yon konpayi ki òganize epi ki egziste anba lwa Eta Florid, ak biwo prensipal li nan:

66 West Flagler Street, Suite 900, Miami, Florid, 33130, Etazini

AK:                                    (“Ajan an”), yon moun ki se sitwayen (peyi XYZ) ki idantifye li ak nimewo sa a: nimewo pyes la.

  • OSWA
  • osnon yon konpayi ki òganize epi ki egziste anba lwa
  • Peyi :
  • ak biwo santral li nan:
  • ADRÈS:
 
  1. ALÒSKE OMNI NOVAS Groups, LLC vle ofri Itilizatè platfòm li yo aksè pou yo jwenn kredi lè yo prete kèk OMNI sou sistèm nan ;
  2. ALÒSKE OMNI NOVAS Groups, LLC vle ofri Itilizatè platfòm li yo aksè pou ke yo jwenn kach pou OMNI yo genyen yo nan men Ajan yo ki chwazi bay kredi sa yo ;
  3. ALÒSKE OMNI NOVAS Groups, LLC antann li ak Ajan yo pou yo resevwa OMNI Kòm garanti kredi sa pou Itilizatè OMNI Kredi yo ki bezwen jwenn kredi selon tèm ak kondisyon ki ekri la a.
  4. ALÒSKE OMNI NOVAS Groups, LLC dakò sèvi kòm entèmedyè ant Ajan yo ak Itilizatè yo selon tèm ak kondisyon ki ekri la a.
  5. ALÒSKE Itilizatè OMNI Kredi a, moun k ap fè kredi a, vle fè kredi nan men Ajan yo, epi Ajan yo prepare pou fè kredi Itilizatè OMNI Kredi a nan garanti ke OMNI NOVAS Groups, LLC, dakò ke li kapab garanti tranzaksyon sa a pou yon OMNI ke Itilizatè sa dakò ranbouse pou ajan an ka bay Itilizatè a sa a Kredi a selon tèm ak kondisyon ki ekri la a.
    1.      Jenarilite
  1. Ajan an ta dwe li Akò sa a ak anpil atansyon paske li bay enfòmasyon kle sou OMNI Kredi ak Sèvis OMNI Kredi pral bay Itilizatè yo, ki gen ladan kijan Akò sa a ka fini epi nenpòt frè ki aplike ke Itilizatè a dwe bay pou li ka jwenn Sèvis sa yo.
  2. Li tabli tou kijan OMNI Kredi ka fè nenpòt chanjman nan Akò sa a.
  3. Deklarasyon sou enfòmasyon prive : Anplis de akò sa a, Ajan an ta dwe gade tou deklarasyon sou enfòmasyon sou vi prive OMNI Kredi a, ki disponib isit la:
nan lang Ayisyen : https://jet.omnihaiti.com/politikviprive/ nan lang Anglè : https://jet.omnihaiti.com/privacy-policy/   
  • Enfòmasyon sou omni kredi : OMNI Kredi pa yon biznis pou kont pa li. Li se yon sèvis andedan gwoup biznis sa a ki rele OMNI NOVAS Groups, LLC ki se yon gwoup antrepriz ki baze li nan Eta Florid ke Leta Ameriken bay otorizasyon pou fonksyone.
  • KOPI Enfòmasyon sou AKò sa a: Si Ajan an ta renmen yon kopi Akò a oswa nenpòt lòt enfòmasyon sou Sèvis yo nenpòt ki lè, tanpri kontakte OMNI Kredi:
  1. Voye yon imèl bay: kredi@omninovas.com
  2. Telefone OMNI Kredi sou: +1-786-607-2050
  3. WhatsApp OMNI Kredi sou : +1-774-316-29264.
  4. Ekri OMNI Kredi nan: 66 West Flagler Street, Suite 900, Miami, FL, 33130
6.      OTORITE Pou AKò sa a:
  1. Ajan an dakò ke moun ki siyen nenpòt Fòm sou sit osnon nan Aplikasyon OMNI Kredi yo gen otorite pou fè sa.
  2. Ajan an dakò responsabilite ki lye Ajan an nan kad Akò sa a e ke moun ki siyen Fòm ak Aplikasyon yo, osnon ki bay OMNI Kredi nenpòt Enstriksyon pou fè tranzaksyon Kredi detanzantan nan non li, gen otorizasyon pou aji nan non li.
7.      Kondisyon de baz pou Itilize sèvis OMNI Kredi yo :
  1. Ajan an dwe gen o mwens 18 lane pou li ka itilize Sèvis OMNI Kredi yo.
  2. Lè Ajan an itilize Sèvis OMNI Kredi yo, Ajan an konfime ke li gen 18 an oswa plis.
  3. Ajan an konfime ke li pral sèlman itilize Sèvis OMNI Kredi yo pou li fè pwòp tranzaksyon li nan non li.
  4. Ajan an konfime ke li pap bay lòt moun aksè pou itilize sèvis OMNI Kredi yo sou non li.
  5. Si Ajan an ta deside bay moun aksè pou itilize sèvis OMNI Kredi yo sou kont pa li, Ajan an rekonèt ke li se sèl responsab tout sa ki rive sou kont sa.
  6. Chak fwa Ajan an bay yon lòt moun aksè ak detay pou yo konekte sou kont Ajan an, Ajan an rekonèt ke li pa ka rann OMNI Kredi responsab pou anyen ki ta pase mal lè nenpòt lòt moun itilize kont li.
8.      konsantman pou bay enfomasyon ki egzat :
  1. Ajan an menm konfime ke tout enfòmasyon ke li te bay nan fòmilè OMNI Kredi yo ak sou Aplikasyon OMNI Kredi yo se enfòmasyon ki vrè, kòrèk epi konplè.
  2. Ajan an konfime ke l ap enfòme OMNI Kredi san pèdi tan si gen nenpòt chanjman nan enfòmasyon sa yo a nenpòt ki lè ke Akò sa a ap egzekite an fòs.
  3. Ajan an rekonèt ke li bay konsantman li pou aplikasyon OMNI Kredi yo fè bon foto li epi mande li fè foto li chak fwa Ajan an fè yon tranzaksyon ke aplikasyon yo deside ke li nesesè pou verifye idantite Ajan an.
  4. Ajan an rekonèt ke li bay aplikasyon OMNI Kredi yo dwa pou verifye adrès kote Ajan an rete osnon travay pou garanti tranzaksyon OMNI Kredi yo.
9.      Mezi Anti-blanchiMAN lajan:
  1. Pou OMNI Kredi respekte obligasyon yo dapre Lwa ki aplikab yo, OMNI Kredi oblije egzekite dilijans pou verifye idantite Itilizatè aplikasyon OMNI Kredi yo.
  2. Ajan an dakò pou bay OMNI Kredi nenpòt enfòmasyon Lalwa bay dwa pou OMNI Kredi genyen osnon mande Ajan an. Ajan an dakò tou pou OMNI Kredi bloke kont li si li pa ta chwazi bay enfòmasyon sa yo.
  3. Si OMNI Kredi pa resevwa enfòmasyon sa yo, OMNI Kredi pa ka bay Ajan an aksè a Sèvis yo.
  4. OMNI Kredi ka bay ajans ki fè respekte lalwa yo ak/oswa lòt enstitisyon regilasyon yo enfòmasyon sa yo kote OMNI Kredi oblije fè sa pou li ka respekte Lwa ki aplikab yo.
10.   POSIBILITE AK KONDISYON POU W JWENN Kredi yo Ou menm ki se Ajan an rekonèt ke:
  1. OMNI Kredi pa yon sèvis transfè. Men Itilizatè aplikasyon OMNI Kredi yo ka itilize li tankou yon sèvis pou mete kredi sou kont yo osnon pou yo voye ak resevwa kredi ke yo fè gras ak platfòm OMNI Kredi yo nan men ou menm ki se Ajan an.
  2. OMNI Kredi genyen aplikasyon ki pèmèt Itilizatè yo kreye kont yo ak posibilite pou yo voye ak resevwa kredi lè yo itilize OMNI ki se yon pwopriyete vityèl ke OMNI NOVAS Groups, LLC kreye.
  3. OMNI Kredi se yon platfòm “konfyans” Itilizatè yo kapab genyen pwòp pwopriyete vityèl pa yo ki lye ak repitasyon yo.
  4. Pwopriyete vityèl sa a rele OMNI ki lye ak yon sistèm pou Itilizatè yo resevwa nòt kredi ki gen rapò ak repitasyon “ elektwonik ” yo lè app la detekte bon konpòtman Itilizatè yo.
  5. Platfòm sa a la pou ede Itilizatè yo, kit yo ap viv aletranje osnon lakay, konstwi pwòp kredi pa yo lakay yo e pou Itilizatè yo ede moun yo renmen anpil yo bati pwòp kredi yo tou.
  6. OMNI Kredi se konsa tou yon sèvis an liy ki pèmèt moun ki lòt bò yo fè kredi Ayiti epi voye kredi bay fanmi yo ak zanmi yo Ayiti.
  7. Konsa tou, moun ki Ayiti yo ka fè kredi Ayiti epi voye peye kredi pou fanmi yo ak zanmi yo a letranje.
  8. Moun kap achte sou entènèt kapab itilize sèvis OMNI Kredi a tou pou yo genyen pwòp kat debi yo osnon kat kredi yo pou yo achte sou entènèt nan nenpòt ki peyi.
  9. Avèk OMNI Kredi, Itilizatè yo ka prete, voye oswa retire kredi yo an dola ameriken lè yo vann OMNI yo genyen yo bay ou menm ki se yon ajan.
  10. Si se nan men w kòm Ajan ke Itilizatè a ap resevwa kredi yo, ou dwe ba li dola pou kredi li yo lè ou resevwa OMNI pa Itilizatè a.
  11. Itilizatè a menm jan ak ou menm kòm Ajan dwe telechaje aplikasyon OMNI Kredi a epi kreye kont nou.
  12. Se pa yon moun k ap analize kapasite pou Itilizatè a jwenn kredi, men se pito yon entelijans atifisyèl ki la pou sa.
  13. Se Itilizatè a ki dwe tcheke aplikasyon an pou wè si li ofri l kredi. Aplikasyon an ka ofri Ajan an Kredi tou.
  14. Dapre Score OMNI Itilizatè a, aplikasyon an ap mande li pou li aksepte oswa refize kèk kredi OMNI ke li ka echanje atravè ajan yo pou resevwa kach kòm kredi ke li dwe ranbouse. Li pran sèlman kèk minit pou li bay enfòmasyon yo epi pou li koumanse tranzaksyon sa yo.
  15. Ajan an ap dakò fè li kredi a sèlman si li gen ase OMNI sou kont li pou tranzaksyon sa a epi pou kouvri frè yo.
  16. Ajan an ansanm ak Itilizatè a siyen yon kontra sou Entènèt ak OMNI Kredi otomatikman li itilize kont li genyen sou aplikasyon sa a.
  17. Itilizatè a ka jwenn kach la menm jou a nan 15 minit si tranzaksyon an finalize an Ayiti.
  18. OMNI Kredi ka depoze dirèkteman sou kont OK Itilizatè a nan 10 segond menm jou a. Li pa bezwen rete tann pou l pase demen.
  19. Si Itilizatè a ap viv lòtbò dlo epi li vle fè kredi lakay, li ka fè sa men tranzaksyon sa ka pran jiska 3 jou tou depan de kantite a, kote moun nan ap viv la ak kèk lòt faktè ankò.
  20. Itilizatè a pa bezwen deplase al riske vi li pou ale touche byen li lakay. Li ka fè kredi sou OMNI Kredi an Ayiti. OMNI NOVAS Groups, LLC ap ba li l nan non yon Ajan ki Ayiti. Itilizatè ki lòt bò dlo yo tou kapab fè kredi a distans sou telefòn yo tou.
  21. Itilizatè a bay garanti ke li ka remèt li Ayiti osnon bay OMNI NOVAS Groups, LLC pou remèt ajan an pou li.
  22. Itilizatè yo ka peye kredi youn pou lòt. Moun ki alteranje ka peye kredi pou moun ki Ayiti. Moun ki Ayiti yo ka peye kredi pou sila yo ki aletranje.
  23. Itilizatè yo pa bezwen mache ak magogo sou yo. OMNI ka livre l bay Itilizatè a ak Drone li yo *nenpòt kote ki kalifye pou sa si Itilizatè a peye yon frè pou sa.
  24. OMNI Kredi konsidere tou lòt kredi yo tankou TransUnion, Equifax, Experian, ak FICO si yon Itilizatè ta vle fè kredi rapid.
  25. Tout sa ki ekri sou sit https://jet.omnihaiti.com yo fè pati de akò sa a.
  26. Tout sa ki ekri nan kondisyon pou fè kredi yo ak spesifikman akò OMNI NOVAS Groups, LLC ak Ajan yo fè pati de akò sa a.
11.   Pwomès pou ranbouse
  1. Nan jou, dat ak mwa kote kredi a debloke sou kont Itilizatè OMNI Kredi a, Itilizatè ki fè kredi a pwomèt pou l ranbouse OMNI Kredi, pou ou menm ki se Ajan an, KANTITE OMNI ki ekri nan tranzaksyon li fè ak ou menm kòm Ajan an.
  2. Ajan an rekonèt ke Kredi sa fèt san enterè men lòt frè ki endike nan dokiman sa a ak lòt dokiman anèks yo ap aplike.
  3. Ajan an dakò ke si Itilizatè a te fè kredi a pou yon moun, Itilizatè a angaje li pou li remèt li si lòt moun nan pa rive fè sa.
12.   Enfòmasyon sou Tranzaksyon yo
  • Pou OMNI Kredi bay Ajan an otorizasyon pou fè yon tranzaksyon Kredi bay yon lòt moun epi se lòt Itilizatè a ki fè Kredi a li menm kap ranbouse, Itilizatè a dwe genyen yon kont ak OMNI Kredi tou. Anplis, OMNI Kredi mande pou Itilizatè a bay enfòmasyon sa yo:
  1. Non konplè Itilizatè ki se Benefisyè a;
  2. Detay kont bank Benefisyè a si se labank li ta vle Kredi sa yo depoze ;
  3. Kantite Kredi OMNI dwe voye pou Benefisyè a epi tout lòt frè OMNI Kredi estime ki enpòtan.
  4. Ajan an dakò pou li bay OMNI Kredi menm enfòmasyon sa yo tou.
13.   Enfòmasyon konplè
  1. Anvan Ajan an aksepte yon otorizasyon OMNI Kredi bay pou li bay yon moun yon kantite kredi pou li, Ajan an dakò ke se Itilizatè a ki pral responsab pou asire ke tout enfòmasyon ki nan otorizasyon sa a konplè epi egzat.
  2. OMNI Kredi konte sou enfòmasyon Itilizatè a bay yo pou trete otorizasyon kredi sa yo.
  3. Itilizatè a dwe tou asire li ke li konnen byen moun kap resevwa Kredi OMNI li yo.
  4. Ajan an dwe mande Benefisyè kap resevwa kantite OMNI yo pou li verifye ke l ap genyen ase pou li retire Kredi OMNI li yo pou sa ka evite konfizyon lè balans Benefisyè a pa kont.
  5. Se responsabilite Itilizatè ki fè kredi a pou li verifye ke nimewo kont labank benefisyè yo ak idantifyan bank benefisyè yo. Enfòmasyon sa yo se non bank lan, nimewo kont lan, ak lòt enfòmasyon OMNI Kredi mande yo. Yo dwe kòrèk. Ajan an pa gen okenn responsabilite nan sa yo.
  6. Si enfòmasyon Itilizatè a bay OMNI Kredi yo pa kòrèk oswa ensifizan, Kredi yo pap ka ale byen oswa Benefisyè a pap ka resevwa yo nan kont li.
  7. Si Itilizatè a fè erè nan enfòmasyon yo, Itilizatè a aksepte ke OMNI Kredi pap ka fè anyen pou rekipere Kredi sa yo sitou si moun ki resevwa kredi yo gentan retire yo sou kont l an. Ajan an dwe konnen sa tou.
  8. Si se chans pa Itilizatè sa a ke lòt Itilizatè a pa gentan retire kredi yo, OMNI Kredi ka toujou akonpanye li pou OMNI Kredi rezoud pwoblèm sa epi revoye Kredi yo ba li.
  9. Ajan an rekonèt ke se Itilizatè k ap fè kredi a ki dwe revize tout Enstriksyon Kredi yo ak anpil atansyon anvan li soumèt yo bay OMNI Kredi.
  10. Answit, nenpòt lè Itilizatè a ta fè yon erè nan voye yon Kredi bay yon lòt Itilizatè, se Itilizatè a ki dwe imedyatman notifye OMNI Kredi etan l ap bay detay ki konsène tranzaksyon sa.
  11. Ajan rekonèt ke li pa gen dwa janm ekri nimewo telefòn Itilizatè k ap resevwa a (sof si se yon tranzaksyon k ap fèt a distans)
  12. Ajan an rekonèt ke li dwe verifye 2 fwa ke enfòmasyon Itilizatè a kòrèk avan li finalize tout bagay.
14.   Limit tranzaksyon yo
  1. OMNI Kredi kapab mete limit sou kantite OMNI Itilizatè a osnon Ajan an kapab voye nan yon sèl tranzazksyon oswa sou yon peryòd espesifik si Lalwa ta ka egzije sa.
  2. OMNI Kredi ap toujou enfòme Ajan an ansanm ak Itilizatè a nan nenpòt moman sa yo e limit l an ap afiche kòm enfòmasyon sou sistèm OMNI Kredi a.
  3. Tarif tranzaksyon OMNI Kredi pou sèvis Diaspora OK a diferan de lòt sèvis Kredi yo. Yo genyen limit sou yo.
  4. Limit sa yo konsène sèlman moun ki fè tranzaksyon prepeye yo; kidonk, se pou moun ki p ap fè kredi yo.
  5. Limit sa yo mete pou pèmèt ke Itilizatè yo paka retire plis pase 1000 OMNI nan yon tranzaksyon.
  6. Pou sèvis kredi a li menm, frè a se montan an * 0.07. Pa genyen okenn limit sou kantite a.
  7. Maksimòm tranzaksyon nan yon jou se 1000 OMNI pou Itilizatè sèvis prepeye a (sof si moun nan genyen kont OMNI+).
  8. Aprè tranzaksyon pou 1000 l’an nan sèvis prepeye a, Itilizatè a dwe tann 24è anvan yon lòt tranzaksyon
  9. Restriksyon sa yo pa konsène Itilizatè ki gen kont OMNI+ osnon ki fè kredi yo. Li konsène sèlman Itilizatè sèvis prepeye yo.
  10. Pa gen okenn limit sou OMNI+ ak sèvis kredi a.
15.   Tan pou resevwa yon Kredi
  1. OMNI Kredi trete nenpòt demand li resevwa otomatikman.
  2. Pou kounye a, tout Itilzatè yo ka fè tranzaksyon OMNI yo lakay ou kòm Ajan OMNI nan lè ou mete ke w ap disponib sou sistèm nan.
  3. OMNI Kredi ap travay pou mete yon rezo machin (ATM pou OMNI) kote Itilizatè OMNI Kredi yo kapab fè tranzaksyon yo 24/24 epi 7/7. Ou kapab genyen yon ATM nan biznis ou tou kòm Ajan si espas la sekirize, si gen kouran 24/24 epi si w genyen entènèt san limit sou Wifi.
  4. OMNI Kredi pa garanti tranzaksyon nan jou konje yo sof si ou menm ki se Ajan an chwazi pa chome ou menm pou w ka sèvi Itilizatè yo.
  5. Si se yon jou konje kote ou menm kòm ajan ou ta pèsonèlman deside pa bay sèvis, Itilizatè a dakò pou resevwa sèvis yo nan pwochen jou ouvrab la.
16.   Enfòmasyon anvan Enstriksyon pou bay Kredi an ale
  1. Lè OMNI Kredi resevwa yon demann nan men Itilizatè a, OMNI Kredi bay garanti ke li ale nan menm moman an nan mwens pase 10 segonn.
  2. Itilizatè a ap jwenn SMS ak lòt tip notifikasyon pou sa si telefòn ni an sèvis, si li gen entènèt ak si kèk lòt paramèt ta respekte.
  3. OMNI Kredi mete enfòmasyon sou aplikasyon li yo pou Itilizatè a ak Benefisyè a resevwa elektronikman detay sou Kredi OMNI an.
  4. OMNI Kredi garanti ke nenpòt frè Itilizatè a peye, l’ap ka wè sa nan aplikasyon ak yon detay de kijan chaj sa yo ye.
  5. Ou menm ki se Ajan an pa gen dwa mande Ilizatè yo frè sou kote ke sa ki ekri nan aplikasyon an.
  6. Ou rekonèt tou kòm Ajan ou pa gen dwa fòse Itilizatè a pran okenn lòt deviz ke sa ki ekri nan aplikasyon an.
17.   Resi tranzaksyon yo nan aplikasyon OMNI Kredi yo
  1. Lè Itilizatè yo ak ou menm ki se Ajan an ap fè tranzaksyon sou aplikasyon OMNI Kredi yo, Itilizatè a dwe konfime plizyè fwa ak PIN li osnon vizaj li ke Itilizatè a bay OMNI Kredi ase otorizasyon pou egzekite Enstriksyon Kredi sa ke li menm osnon lòt Itilizatè a kapab ranbouse.
  2. Si OMNI Kredi pa resevwa konfimasyon sa yo, OMNI Kredi p ap trete Enstriksyon pou Kredi sa yo debloke.
  3. Itilizatè a dakò sa OMNI Kredi resevwa sou aplikasyon an kòm enfòmasyon se sa yo OMNI Kredi ap otorize.
  4. OMNI Kredi pa responsab pou okenn reta nan tranzaksyon li resevwa de yon enstitisyon finansye oswa bank.
  5. OMNI Kredi pa responsab pou okenn reta nan yon tranzaksyon lè gen pwoblèm ensekirite, katastwòf natirèl, enstabilite politik, elatriye.
  6. Ajan an pa gen dwa fè okenn tranzaksyon san li pa pase epi valide nan aplikasyon an.
  7. Si genyen yon pwoblèm entènèt osnon pwoblèm Teknik, Ajan an dwe fè Itilizatè a konnen ke l ap kontakte biwo OMNI Kredi a a distans pou fè tranzaksyon sa a.
18.    Refize Demand Kredi a
  1. OMNI Kredi ka refize yon demann Kredi a nenpòt moman entelijans atifisyèl OMNI Kredi an konseye sa.
  2. OMNI Kredi ka refize yon demann Kredi tou si pèsonèl li yo genyen nenpòt rezon pou yo fè sa san yo pa oblije eksplike poukisa.
  3. OMNI Kredi ka refize yon demann Kredi si li jwenn Enstriksyon Legal ke otorite yo bay OMNI Kredi pou OMNI Kredi pa aksepte demann sa. Se pa OMNI Kredi ki pou deside si Enstriksyon otorite yo bay la respekte Lalwa. Se Itilizatè a ki responsab pou fè demach legal li pou rezoud sa.
  4. OMNI Kredi ap enfòme Itilizatè a de desizyon sa pwochen jou ouvrab la aprè desizyon sa a te pran.
  5. Desizyon sa a kapab genyen (men pa oblije) enfòmsyon sa yo
  • 1.    refi a ;
  • 2.    rezon refi a si lalwa oblije OMNI Kredi sa ;
  • 3.    rezon ki fè OMNI Kredi bay refi a demann nan si li gen rapò ak reyalite, pwosedi osnon enfòmasyon ki dwe korije pou nenpòt erè materyèl.
 
  • Si se yon Kredi ki te sòti sou kont Ajan an ki tap ale jwenn yon lòt Itilizatè e ki ta refize, OMNI Kredi ap retounnen Kredi yo bay Ajan an san delè ; sof si OMNI Kredi ta kapab jwenn Enstriksyon legal pou li pa ta fè sa akòz Lwa ki Aplikab nan kèk teritwa.
19.   Revokasyon nan yon Kredi ki te apwouve
  1. Menm si OMNI Kredi te gentan apwouve yon Kredi pou yon moun, OMNI Kredi kapab anile apwobasyon Kredi sa yo menm si ou menm kòm Ajan te gentan resevwa Enstriksyon pou livre kredi sa yo.
  2. Kòm Ajan, ou pa ka deside pou kò w pou w pa bay yon Kredi ki pa anile. Si ou gen dout sou idantite Itilizatè a, ou dwe kontakte biwo santral la pou rezoud pwoblèm sa.
20.   Konfimasyon tranzaksyon yo
  1. Lè yon Ajan OMNI Kredi resevwa yon konfimasyon pou li fè yon Itilizatè Kredi, OMNI Kredi ap bay Itilizatè a yon konfimasyon tranzaksyon sa a tou ki gen ladann yon nimewo idantifikasyon tranzaksyon an ki disponib nan app la.
  2. Tanpri tcheke konfimasyon tranzaksyon an ak anpil atansyon epi fè OMNI Kredi konnen imedyatman si gen yon erè.
21.   Kantite Kredi ki Voye osnon ki Resevwa sou OMNI Kredi
  1. Itilizatè a, ansanm ak ou mete nou dakò ak OMNI Kredi ke OMNI Kredi kapab dedwi frè ak chaj kap soti sou kantite Kredi OMNI swa ki Voye osnon Resevwa.
  2. Genyen frè pou tranzaksyon ki prale yo men nan moman sa a OMNI Kredi otomatikman anile yo pou tout Itilizatè yo k ap voye pou yon lòt nan aplikasyon yo. Se sa ki fè frè sa yo pou Itilizatè k’ap voye bay yon lòt la pap parèt nan aplikasyon yo.
  3. A nenpòt moman OMNI Kredi kapab kanpe pwomosyon li yo e frè sa yo kapab aplike nenpòt jan OMNI Kredi ta deside fikse yo a.
  4. Sa ka vle di ke kantite OMNI Ajan an voye bay yon Benefisyè a kapab mwens pase kantite OMNI Benefisyè a pral resevwa si frè yo ta aplike.
  5. Frè pou retire OMNI yo sou sistèm nan ap sòti sou moun kap retire OMNI li yo.
  6. Ajan an rekonèt ke moun kap peye kredi OMNI yo lakay li ap peye sèlman 2 OMNI pou sa kèlkilanswa kantite a. Ajan an pa gen dwa mande plis.
22.   Enfòmasyon apre Enstriksyon pou debloke OMNI an fin pase
  • O mwen yon fwa chak mwa, OMNI Kredi pral bay Ajan an yon deklarasyon ki gen ladann:
  1. yon referans ki pèmèt Ajan an idantifye tranzaksyon li yo epi si sa enpòtan, moun ki ranbouse a ;
  2. kantite Kredi ki ranbouse nan tranzaksyon yo lè Ajan an itilize sèvis Kredi OMNI an;
  3. kantite Kredi OMNI pran nan nenpòt tranzaksyon kòm chaj epi sa Ajan an jwenn nan sa OMNI chaje a;
  4. aktyèl frè ki itilize epi kantite OMNI ki touche nan moman ranbouseman osnon retrè a ;
  5. dat tranzaksyon yo te fèt la.
23.   Tan pou konplete Ranbouseman an
  • Se aplikasyon OMNI Kredi yo kap detèmine tan pou ranbouseman yo fèt.
  24.   Desizyon Pou Ranbouseman Kredi yo fèt nan Deviz yo te bay la
  1. Itilizatè a dakò ke nan menm deviz Ajan an te bay Kredi a se ladan li pou ranbouseman an fèt.
  2. OMNI Kredi bay Itilizatè yo garanti ke Kredi yo pap bay nan okenn lòt deviz ke sa ki ekri a e okenn Ajan pa gen dwa ofri Itilizatè yo okenn lòt deviz ke deviz yo fè kredi ladan li an (sof si OMNI Kredi ta otorize Ajan an sa).
  3. Lalwa pa anpeche ke Itilizatè yo lib pou fè kredi nan deviz yo pito.
  4. Si ou menm kòm Ajan ta viyole prensip sa a, Itilizatè yo ap repote sa san pèdi tan. Kont Ajan ou an ka bloke jouk tan yon ankèt fin fèt pou etidye ka sa ki sinyale a.
  5. OMNI Kredi bay garanti ke Ajan sa yo ki ta finalman konfime kap fè move pratik sa yo ka tonbe anba gwo sanksyon.
  25.   Desizyon pou sèvi ak koperativ osnon mikwokredi kòm Patnè pou bay sèvis sa
  1. OMNI Kredi kapab siyen akò patenarya ak enstitisyon finansyè ki sou mache lokal yo pou ofri sèvis sa yo.
  2. Se menm kondisyon kap toujou respekte nan ka sa yo
  3. Benefisyè kredi sa yo kapab resevwa Kredi yo nan kont bank yo tou oswa lòt kont nan koperativ yo.
  4. Se Benefisyè yo ki dwe asire yo ke yo genyen kont nan deviz yo di a.
  5. Ajan OMNI Kredi a dwe mete Kredi OMNI yo disponib pou Benefisyè a imedyatman apre yo fin resevwa OMNI yo via aplikasyon OMNI Kredi yo.
  6. Sepandan, OMNI Kredi pa responsab si biwo Ajan an ta fèmen nan yon lè espesifik.
26.   Tranzaksyon Ranbouseman nan peyi kote Dolameriken pa Itilize
  1.  Si tranzaksyon yo ap fèt kote dolameriken pa itilize, tranzaksyon ranbouseman an ap fèt nan deviz lokal la men ak to bank nasyonal yo afiche dolameriken an ye pou OMNI Kredi ka konvèti li an OMNI.
  2. OMNI Kredi pral asire ke Kredi OMNI yo kredite bay benefisyè a nan menm kondisyon ak tout lòt Itilizatè yo.
  3. Itilizatè kap ranbouse a dakò peye frè pou konvèsyon sa yo.
27.   Si Ajan OMNI Kredi a refize tranzaksyon an
  1. Sèl fason ou menm kòm Ajan OMNI Kredi ka refize fè tranzaksyon an se si w ta genyen dout sou pwòp sekirite pa w.
  2. Nan ka sa a, si pa gen okenn lòt fason pou Benefisyè a jwenn kredi yo, Itilizatè a dwe kontakte OMNI Kredi san reta pou eksplike sa.
  3. Si se paske ta ka genyen yon pwoblèm materyèl ki poze nan pyès pou idantifye Itilizatè a, Itilizatè a ka swa:
  • 1. Bay OMNI Kredi enfòmasyon konplè pou koreksyon yo ka fèt;
  • 2. Bay OMNI Kredi enstriksyon pou retounen Kredi OMNI yo pou li.
  28.   Si Tranzaksyon an ap Anile
  1. Si tranzaksyon yo ap anile e si te gentan genyen garanti ki bay pou kredi a, Itilizatè a ka tounnen kote li te depoze garanti sa yo pou rekipere yo. Lè sa, garanti a ap deja sou kont Itilizatè a sou fòm OMNI.
  2. OMNI Kredi pa responsab devan Itilizatè a pou okenn pèt oswa domaj li soufri akòz nenpòt reta ki lakòz ou menm kòm Ajan kap bay sèvis la pa bay li a tan, osnon ta ka gen difikilte pou fè sa.
  29.   Responsabilite
  1. Malgre ke Akò sa a ka siyen pi ba a pa plis pase yon moun, Itilizatè ki fè kredi a konprann ke tout moun ki siyen yo yo chak responsab kòm moun ki pou ranbouse tout montan Kredi a. Se menm jan an pou Ajan an.
  2. Ajan an konnen ke li responsab pou li genyen telefòn ki ka pran aplikasyon OMNI Kredi yo. Men sa pa anpeche ke sila ki pa genyen telefòn sa yo jwenn asistans nan men OMNI Kredi pou sa.
  3. Ajan an ak Itilizatè a rekonèt ke sistèm nan sèvi ak sinyal entènèt e ke se sèl konpayi ki vann entènèt yo ki responsab pou dosye entènèt la.
  4. Ajan an rekonèt ke si ta genyen yon pwoblèm sinyal kèlkonk, li dwe kapab ede Itilizatè a rele biwo santral OMNI Kredi a nan telefòn pou fè tranzaksyon yo a distans pou li. Ajan an ka fè sa pou li tou.
  5. Se sèl Itilizatè ki otantifye epi ki verifye yo ki kapab fè tranzaksyon sa yo a distans.
  6. Egzekisyon kòrèk: OMNI Kredi responsab pou egzekite kòrèkteman tranzaksyon Itilizatè yo jan yo mande sa, sof si OMNI Kredi kapab pwouve Benefisyè a ke erè a sòti de Itilizatè ki inisye tranzaksyon an.
  7. Si genyen yon erè ki depann de OMNI Kredi ki lakòz yon tranzaksyon ta mal pase epi se OMNI Kredi ki responsab, OMNI Kredi ap ranbouse Itilizatè a kantite ki gen erè a san reta, san diskisyon, e nan nenpòt ka, pa pita nan fen pwochen jou ouvrab pa rapò ak jou OMNI Kredi te okouran de erè a.
  8. Kèlkeswa se OMNI Kredi ou pa ki ta responsab yon erè nan yon tranzaksyon, OMNI Kredi gen pou li imedyatman pran mezi sa yo san OMNI Kredi pa chaje Itilizatè a:
  • 1. fè efò pou trase nenpòt tranzaksyon ki pa egzekite oswa ki mal egzekite;
  • 2. notifye Itilizatè a rezilta yo.
  • OMNI Kredi responsab pou li kouvri nenpòt chaj oswa nenpòt frè ki monte akoz de yon erè ki glise bò kote OMNI Kredi ki ta ka lakòz tranzaksyon an pa pase byen. Erè sa yo ka toujou rantre nan kategori ki gen pou konsekans yon reta nan livrezon elektronik kredi yo oswa reta nan ranbouseman kredi yo akoz de yon sèvè.
  30.   Responsablite pou tranzaksyon san otorizasyon
  1. Ajan an se sèl moun ki otorize pou itilize kont li.
  2. Ajan an pa dwe bay okenn moun PIN li. Si sa ta fèt, Ajan an rekonèt li gen tout responsabilite sou aktivite ki fèt nan aplikasyon sa.
  3. Ajan an dwe evite mete PIN ki twò fasil tankou dat li fèt, 4 dènye osnon premye chif telefòn li yo paske, pou kounye a, nenpòt moun ki konnen PIN nan ak telefòn nan ka fè tranzaksyon sou kont l an. OMNI Kredi pa responsab sa.
  4. Sepandan, OMNI NOVAS Tech ap travay sou teknoloji ki pou pèmèt ke app la fè foto tout moun kap fè tranzaksyon sou telefòn yo pou verifye ke se yo menm vre ki mèt kont lan lè pou yo prete, mete, voye, osnon wete kredi sou fòm OMNI sou kont yo.
  5. Ajan an dwe konekte nan app OMNI Kredi a la menm li resevwa PIN tanporè OMNI Kredi voye ba li a pou li ka mete PIN pa li.
  6. Si Itilizatè a ap retire kredi sou aplikasyon OMNI Kredi a lakay ou menm ki se yon ajan, Ajan an pa dwe mande okenn moun PIN li.
  7. Ajan an rekonèt ke li pa dwe konnen PIN nan.
  8. Itilizatè yo ka denonse nenpòt ajan ki ta mande yo PIN yo osnon fè fwod pou dekouvri PIN Itilizatè yo.
  9. Si Itilizatè a vin konnen yon tranzaksyon fèt san otorizasyon li oswa mal egzekite, li dwe fè OMNI Kredi konnen sa san reta, san pèdi tan e nan nenpòt ka. Ajan an dwe fè menm jan an tou nan ka sa.
  10. Kredi ki deja bay akòz de erè Itilizatè a depann de Itilizatè a pou ranbouse li.
  11. Menm si se pa Ajan an li menm ki te otorize yon tranzaksyon, OMNI Kredi pa ka ranbouse li.
  12. OMNI Kredi gen tout dwa pou li mande Itilizatè a ansanm ak Ajan an tout enfòmasyon ki posib pou li kapab retrase epi envesitge tout aktivite sispèk ki fèt sou kont li.
  13. Chak Ajan dwe kenbe yon repitasyon sou app la ki pi wo pase 3.5 sou 5.
  14. Si yon Ajan genyen yon repitasyon ki anba 3.5 sou 5, kont li an ap otomatikman bloke.
31.   Fwòd oswa gwo neglijans
  1. Si Ajan an ta komèt fwod anrapò ak itilizasyon Sèvis OMNI Kredi yo oswa si Ajan an te trè siyifikativman neglijan an relasyon ak obligasyon li genyen pou li kenbe detay koneksyon kont li pou sistèm OMNI Kredi sou Entènèt la rete an sekirite, OMNI Kredi pa gen okenn obligasyon pou ranbouse Ajan an de pèt li ta fè.
  2. Tout ka fwod ke OMNI Kredi ta ka detekte genyen pou rapòte epi depoze sou fòm plent kay tout otorite nan Leta yo ki konsekan pou sa.
32.   Detay Kredi A
  1. Kantite Kredi:           Se kantite sa ki ekri nan tranzaksyon ki fèt nan app OMNI Kredi a        
  2. Lòt Kredi:   Kantite OMNI ke chak Itilizatè dwe genyen ki rete sou kont yo pou kont lan ka rete aktif.    
  3. Kantite OMNI ki finanse: Se kantite ki kredite sou kont l’an (Balans de baz la, kanite OMNI an ki ap retire a epi frè pou fè tranzaksyon an
  4. Chaj finans: Li se 7%. Kidonk sou chak 100 OMNI ap genyen 7 OMNI ki touche kòm chaj. Si tranzaksyon an ant 501-1000 OMNI, epi li se yon tranzaksyon prepeye sou OMNI Kredi, Itilizatè a ap bay sèlman 7% sou premye 500 an epi OMNI Kredi ap mete rès la pou li.           
  5. Total peman:             Sa entelijan atifisyèl ki nan app la detèmine a.       
  6. Penalite:      0.5 % chak jou ki pas eke Kredi a pa ranbouse totalman aprè dat ki te fikse a. Li ka plis.
  33.   TRANZAKSYON OMNI yo 
  1. 1 OMNI = $1 US. Ajan an lib, nan kad akò sa a, pou li ofri Itilizatè OMNI Kredi yo lòt deviz si li ekri sa nan pwofil Ajan an; men Ajan an pa gen okenn dwa pou fòse Itilizatè yo pran yon lòt deviz.
  2. Itilizatè yo gen tout dwa yo pou refize lòt deviz e kapab pote plent pou asèlman si Ajan an ta ka fòse yo, ba yo presyon osnon manipile yo pou pran lòt deviz.
  3. Si enstriksyon pou Kredi Itilizatè a enplike yon konvèsyon Kredi OMNI yo, li pral konvèti nan pousantaj dechanj OMNI Kredi fikse pou echanj Kredi yo nan aplikasyon OMNI Kredi a menm.
  4. Ajan an rekonèt li paka mete to pa li.
  5. Lè sa a OMNI Kredi ka ajoute a tranzaksyon sa a frè ki dwe aplike nan tranzaksyon echanj l an.
  6. Itilizatè a rekonèt ke se pa OMNI Kredi ki fè tranzaksyon sa a men se Ajan an ki fèl ak Itilizatè a.
  34.   Ranbousman
  1. Itilizatè a k ap fè kredi a gen obligasyon pou l ranbouse tout montan prensipal la ak Frè Fonksyònman yo nan dat ki ekri lè l ap fè Operasyon yo sou app la.
  2. Itilizatè ki fè kredi a pral ranbouse kantite OMNI ki nan fich elektronik tranzaksyon an san wete yon yota.
  3. Itilizatè a k ap fè kredi a gen obligasyon pou l ranbouse tout montan prensipal Kredi osnon Prè a nan yon vèsman ki egal ak chak peryòd ke aplikasyon OMNI Kredi a detèmine yo.
  4. Ranbouseman sa ap vin fèt nan fason ki deside nan aplikasyon OMNI Kredi a selon dat, jou ak mwa ke aplikasyon OMNI Kredi a di a.
  5. Si Ranbousman an ap fèt sou plizyè mwa, se aplikasyon OMNI Kredi a k ap pwopoze sa ak Itilizatè a ki gen tout dwa li pou li rejte li.
  6. Konsa, Itilizatè a k ap fè kredi a gen obligasyon pou l ranbouse tout montan prensipal Frè Fonksyònman an nan dat l ap fè Operasyon yo sou aplikasyon OMNI Kredi a.
  7. OMNI Kredi angaje li pou li ranbouse Ajan an tout sa li bay Itilizatè OMNI Kredi yo kòm Kredi sou aplikasyon yo. Frè kap vini pou Ajan an ap toujou ajoute sou kantite sa.
   35. Ranbouseman nan yon jou ferye :
  1. Chak fwa nenpòt ranbousman oswa ranbousman davans lan ta tonbe nan yon jou ki se yon jou konje, ranbousman sa yo dwe fèt nan pwochen jou ki pa konje a ki vin apre a.
  2. Pou evite penalite, Itilizatè a dakò pou fè ranbousman sa nan jou ki vini avan jou konje a.
  3. OMNI Kredi angaje li pou li ranbouse Ajan an nan jou ki vini avan nenpòt jou ki se jou ferye.
  36. Posibilite pou mete disponib davans sa ki pou Ranbouse a :  
  1. Yon Itilizatè ki gen OMNI sou kont li ka chwazi fè kredi sou li san li pa itilize li. Lè sa li bezwen fè a fin fèt, li ka toujou itilize OMNI li yo pou ranbouse kredi li te fè a. Ou menm kòm Ajan genyen menm privilèj sa tou.
  2. Yon Itilizatè pa oblije defèt sa li genyen lè gen difikilte. Li ka toujou kite li sou kont li epi fè kredi sa li genyen an san enterè. Ou menm tou kòm Ajan genyen menm privilèj sa tou.
  3. Li kapab peye yon penalite sou li sèlman si li pa remèt li a tan jan li te angaje li pou sa. Ajan yo pa peye okenn penalite si yo ta fè Kredi pou fè biznis ak OMNI kòm patnè yo.
  37. Ranbouseman davans Kredi a:
  1. Ajan an rekonèt ke Itilizatè ki fè kredi a gen dwa pou l ranbouse davans tout kantite OMNI an nan nenpòt ki lè ki pa depase dat limit lan.
  2. Ajan an rekonèt ke si Itilizatè k ap fè kredi a fè sa, oswa si Kredi sa a jwenn refinansman, sa vle di, ranplase pa yon lòt Kredi nan OMNI, penalite yo ap anile.
  3. OMNI NOVAS Groups, LLC dakò resevwa ranbouseman davans, san penalite oswa prim, kantite MONTAN, tout oswa yon pati nan montan prensipal Kredi a san pa gen okenn enterè ki akimile sou sa ki poko Ranbouse sou nenpòt kantite OMNI ke Itilizatè a Ranbouse davans.
  4. Ajan an rekonèt ke OMNI Kredi pa dwe li nan penalite sa yo si Ajan an te gentan jwenn pati pa li a.
  38. Ranbouseman nan yon jou ouvrab: Chak fwa nenpòt ranbousman oswa ranbousman davans ta tonbe nan yon jou ki se yon jou konje, ranbousman sa yo dwe fèt nan pwochen jou ki pa konje a ki vin apre a.
39. Posibilite pou mete disponib davans sa ki pou Ranbouse a :
  1. Ajan an rekonèt ke yon Itilizatè ki gen OMNI sou kont li ka chwazi fè kredi sou li san li pa itilize seza li genyen ki sere yon kote. Lè sa li bezwen fè a fin fèt, li ka toujou itilize OMNI li yo pou ranbouse kredi li te fè a.
  2. Ajan an rekonèt ke yon Itilizatè pa oblije defèt sa li genyen lè gen difikilte. Li ka toujou kite li sou kont li epi fè kredi sou sa li genyen an san enterè.
  3. Ajan an rekonèt ke yon Itilizatè kapab peye yon penalite sou li sèlman si li pa remèt li a tan jan li te angaje li pou sa.
  40. SA KI DWE KLARIFYE Tout sa ki di la yo dwe an konfòmite ak tout tèm ak kondisyon Akò sa a:
  1. Ajan an ap resevwa OMNI Itilizatè a ki se Moun k ap fè kredi a pou li ba li dola pou yo nan yon sèl tranzaksyon;
  2. Ajan an rekonèt ke Itilzatè kap resevwa kredi a ap gen dwa pandan peryòd kont li rete aktive a pou l retire tout oswa yon pati nan Kredi li resevwa a.
  3. Ajan an rekonèt chak retrè sa yo dwe fèt nan yon kantite OMNI ki egal ak sa Itilizatè a genyen sou app la mwens 3 OMNI ki dwe rete antye sou kont Itilizatè a sou app OMNI Kredi a kòm balans.
  4. Ajan an rekonèt ke balans minimal OMNI Kredi sa pap janm retounnen vin jwenn Itilizatè a menm si li fèmen kont l an.
  5. Ajan an rekonèt ke Itilzatè kap fè kredi a dwe kenbe kont prensipal li genyen ak OMNI Kredi a an fonksyon toutotan li pa ko libere li de Kreditè a.
  6. Ajan an rekonèt ke Itilizatè a dwe depoze nan kont OMNI Kredi li a de tan zan tan tout resi OMNI yo lè li fè depo kach pou li ranbouse kredi li yo.
  7. Ajan an rekonèt ke nan okenn ka, Itilizatè a ki se Moun k ap fè kredi a paka emèt yon chèk ki trasab sou kont sa a. Chèk pa yon metòd pou Itilizatè yo ranbouse kredi yo nan OMNI Kredi. 
  41.   Nati renouvelab nan fonksyònman prè a : Ajan an rekonèt ke li dwe rete konfòm ak tout tèm ak kondisyon ki enpòtan nan Akò sa a, nenpòt ki lè ak detanzantan pandan Peryòd Fonksyònman an.
42.   Antretyen kont yo :
  1. Ajan an dakò ouvri epi kenbe byen kont li oswa tout tranzaksyon ak OMNI NOVAS Groups, LLC ki pwouve kantite OMNI an ki prete, remèt osnon parapò ak chak Kredi a tèm ak Prè ki bay yo.
  2. Ajan an rekonèt ke li gentan genyen pwòp biznis li osnon vle kòmanse pwòp biznis li ak OMNI Kredi.
  3. Ajan konprann ke OK se yon gwo opòtinite paske li pa bezwen sèvi ak pwòp fon pa li pou li kòmanse.
  4. Ajan dakò ke li ka ede patnè OMNI Kredi yo ak Itilizatè OMNI Kredi yo ajoute, retire, voye ak resevwa OK sou kont yo.
  5. Ajan rekonèt nan Akò sa ke li chwazi ede pwoteje lavi yon manm fanmi, zanmi, oswa yon moun li renmen anpil paske OMNI Kredi pèmèt moun yo mache ak mwens likid epi asire tranzaksyon yo.
  6. Ajan rekonèt se pou li ka ede konbat krim ki gen rapò ak lajan kach ke li chwazi antre vin bay popilasyon an tèt li pou sèvi yon nasyon ki paka pran souf ankò.
  7. Ajan an rekonèt ke se pou li ka ede sispann krim ki gen rapò ak dosye labank epi transfè lajan kach nan peyi nou an ke li aksepte sèvi ak Kredi ki se yon aspè nan kilti peyi Dayiti ke li kwè OMNI Kredi ka rezoud ; se pou sa li chwazi vini yon Ajan.
  8. Ajan an dakò ke pèsonn pa fòse li vini yon ajan, men se ak tout konsyans li kòm sitwayen li ofri li menm pou sèvi popilasyon an.
  9. Ajan an dakò ke OMNI Kredi pa debloke fon nan zòn ki poko genyen Itilizatè ki bezwen sèvis yo. Kidonk, chak fwa Ajan an fè pwomosyon pou OK se plis chans Ajan an genyen pou zòn pa li a ka jwenn Kredi yo avan lòt zòn.
43.   Lajan ajan an Bay kredi AK Itilizatè omni Kredi YO Ajan an rekonèt ke :
  1. Li kapab itilize fon pèsonèl li pou li demare nan OMNI Kredi.
  2. Lè li bay yon Itilizatè kach pou OMNI Kredi, se prete li prete OMNI NOVAS Groups, LLC lajan sa a san enterè.
  3. Li bay OMNI NOVAS Groups, LLC dwa pou OMNI Kredi rekipere fon kredi sa yo pou li menm ki se Ajan an nan men nenpòt Itilizatè nan mond l an epi nenpòt kote Itilizatè sa a ta ye.
  4. Ajan an bay OMNI NOVAS Groups, LLC dwa pou retounen lajan Kredi sa yo ba li san OMNI NOVAS Groups, LLC pa bezwen okenn lòt otorizasyon ni nan nesiste pou li rann kont de responsabilite li anvè Ajan an.
  5. Ajan an pare pou li sètifye ke li te angaje li ak OMNI Kredi pou kapab fè li jwenn lajan li te bay Itilizatè OMNI Kredi yo sou fòm Kredi nan non OMNI NOVAS Groups, LLC.
  6. OMNI Kredi kapab fè Ajan an rejwenn kredi sa yo Ajan an te bay pou li a swa sou kat debi Ajan an, nimewo kont labank Ajan an, osnon nenpòt lòt enfòmasyon labank Ajan an genyen nan dosye li.
  7. Kach Ajan an kredite Itilizatè a pou OMNI Kredi yo kapab retounnen vin jwenn Ajan chak fwa Ajan an fè retrè OMNI li yo bay Admin nan.
  8. Sa kapab pran jouk rive 72è de tan pou Ajan an rive jwenn fon sa yo.
  9. Ajan an angaje li pou li pa kanpe tranzaksyon yo menm si 72è de tan sa ta pase ke li poko jwenn ranbouseman sa.       
  10. Sof si Ajan an ta wè li pran maksimòm 7 jou, li kapab ouvri yon tikè pou OMNI Kredi ka ede li jwenn kach li prete OMNI NOVAS Groups, LLC yo.
  11. Frè pou voye kach la vin jwenn Ajan an ap soti sou OMNI Kredi.
  12. Lè Ajan an kredite Itilizatè yo ak fon pa li pou OMNI Kredi, Ajan an ap benefisye 30% nan frè Itilizatè platfòm OMNI Kredi yo bay la. Se app la kap tou depoze li sou kont Ajan an.
  13. 30 % sa a ekivalan ak $2.10 US sou chak 100 OMNI Ajan an bay Itilizatè OMNI Kredi yo. Li kapab plis pase $2.10 la tou si frè yo ta ogmante, men li pap janm pi ba pase sa.
  14. Chak fwa fon pèsonèl Ajan an pou li ta fè kredi ak OMNI Kredi yo pral fini, Ajan an konnen li ka mande OMNI Kredi nan app la pou remèt li kach li bay kòm kredi pou OMNI Kredi deja yo.
  15. Yon administratè osnon sipèvizè ap pase ranbouse Ajan an kach osnon avèk Drone si Ajan an swete sa.
  16. Si Ajan an rive fè tranzaksyon pou 20000 OMNI nan yon mwa, se tankou li fè $420 US benefis si li itilize pwòp kach pa li.
  17. Si kontra sa a osnon Akò yo an jeneral ta koupe pou nenpòt rezon an, Ajan an genyen 30 jou pou li resevwa tout sa li te bay kòm kredi ak Itilizatè OMNI Kredi yo.
  18. Si OMNI Kredi remèt li nan dat ki fè sa 30 jou (osnon anvan sa) depi OMNI Kredi te enfòme Ajan an ke Akò a pap kontinye, OMNI Kredi pap mete okenn enterè sou li. Men, 48 è de tan aprè dat pou ranbouseman an te fèt la, sistèm nan ap koumanse chaje OMNI Kredi 1% sou chak jou reta ki pase.
  19. OMNI Kredi pa responsab anyen ki rive ak kach sa a aprè li fin rive jwenn Ajan an. Se Ajan an ki pou garanti ke li mete mezi sekirite ase pou li menm pa fè defisi.
  20. Tout fon ki nan men Ajan an nan kad Akò sa a dwe toujou disponib sèlman pou Itilizatè OMNI Kredi yo.
  21. Okenn nan fon ki nan men Ajan an nan kad Akò sa a pa dwe itilize pou zafè pèsonèl ajan an. Non plis tou, Ajan an paka prete ladan sou okenn fòm. Si fon an ta pèdi, Ajan an genyen 48è de tan pou li ranbouse li.
  22. Si Ajan an pa ta deside bay Itilizatè yo sèvis la ankò paske li pa genyen fon yo disponib, OMNI Kredi kapab fè li jwenn fon pou sa san li pa koupe kontra a.
  23. Si Ajan an ta jis deside pa kontinye di tou, li dwe bay OMNI Kredi 15 jou pou retire tout enfòmasyon li menm kòm Ajan genyen sou sistèm nan.
  24. Si kontra sa a ta koupe nan ka kote se pou malveyan bò kote Ajan an, Ajan an dwe bay OMNI Kredi 2 semèn pou li jwenn fon pa li yo. 
44.   Lajan ajan an jwenn prete gras ak omni Kredi Ajan an rekonèt ke :
  1. OMNI Kredi kapab fè li jwenn finansman tou pou li kapab demare ak sèvis yo.
  2. Finansman sa ant 1000 ak 10000 US pou demare ak sèvis OMNI Kredi a nan zòn pa li.
  3. Finansman sa a se yon lajan Ajan an jwenn prete bò kote patnè OMNI NOVAS Groups, LLC yo.
  4. Kredi pou demare a se yon Kredi san enterè. Ajan an pap mete yon pyas sou li lè lap remèt li.
  5. Frè pou voye li vin jwenn Ajan an ap soti sou OMNI Kredi.
  6. Ajan an ap benefisye 21% nan frè Itilizatè platfòm OMNI Kredi yo bay la e se app la kap tou depoze li sou kont li.
  7. 21% sa a ekivalan ak $1.47 US sou chak 100 OMNI Ajan an bay Itilizatè OMNI Kredi yo. Li kapab plis pase $1.47 la tou si frè yo ta ogmante, men li pap janm pi ba pase sa.
  8. Chak fwa kach ki nan men Ajan an pral fini, Ajan an konnen li ka mande OMNI Kredi nan app la pou remèt li kach li bay kòm kredi pou OMNI Kredi deja yo.
  9. Yon administratè osnon sipèvizè ap pase bay ajan an kach osnon avèk Drone si Ajan an swete sa.
  10. Lè OMNI Kredi fin apwouve Ajan an, l ap resevwa yon appel osnon yon vizit nan biznis l an pou li ka sinyen kontra a epi resevwa premye moso kach pou li demare a. Li kapab siyen kontra a elektronikman tou.
  11. Se app la kap toujou di Ajan an lè li kalifye pou plis kredi.
  12. Kach sa a Ajan an jwenn pou li demare a se prete l ap prete li nan men patnè OMNI NOVAS Groups, LLC.
  13. Ajan an pap ka itilize l pou okenn lòt bagay ke vann osnon achte OMNI.
  14. Si Ajan an rive fè tranzaksyon pou 20000 OMNI nan yon mwa, se tankou li fè $300 US benefis san li pa itilize pwòp lajan li.
  15. Si kontra sa a osnon Akò yo an jeneral ta koupe pou nenpòt rezon an, Ajan an genyen 30 jou pou li remèt tout sa ki te nan men li.
  16. Si li remèt li nan dat ki fè sa 30 jou (osnon anvan sa) depi OMNI Kredi te enfòme li ke Akò a pap kontinye, Ajan an pap mete okenn enterè sou li. Men, 48 è de tan aprè dat pou ranbouseman an te fèt la, sistèm nan ap koumanse chaje Ajan an 1% sou chak jou reta ki pase.
  17. OMNI Kredi pa responsab anyen ki rive kach sa a aprè li fin rive jwenn Ajan an. Se Ajan an ki pou garanti ke li mete mezi sekirite ase pou li menm pa fè defisi.
  18. Tout fon ki nan men Ajan an dwe toujou disponib sèlman pou Itilizatè OMNI Kredi yo.
  19. Si Ajan an pa ta rive kapab bay Itilizatè yo sèvis la malgre li genyen fon yo disponib, OMNI Kredi ap sèlman koupe kontra a.
  20. Si kontra sa a ta koupe nan ka kote se pou malveyans bò kote Ajan an, Ajan an dwe bay li san penalite nan 48è.
  21. Si Ajan an remèt fon ki nan men li yo aprè 48 è de tan (osnon anvan sa), depi OMNI Kredi te enfòme li ke Akò a pap kontinye pou malveyan, sistèm nan ap koumanse chaje Ajan an 1% sou chak jou reta ki pase.
  22. Ajan an kapab resevwa OMNI tou kòm kredi lè li pa genyen ase OMNI sou kont li. Se tankou se te kach li te jwenn tou pou li fè biznis l an avanse. Se toujou menm kondisyon yo nan ka sa a.
 45.   ENTERÈ
  1. Ajan an rekonèt ke pa gen okenn enterè sou Kredi OMNI yo.
  2. Ajan an rekonèt ke OMNI Kredi rekonpanse Itilizatè ki serye yo lè OMNI Kredi anile tout enterè yo.
  3. Ajan an rekonèt ke lè Itilizatè a pran kredi nan OMNI, li gen pou pi piti 7 jou pou li bay li san enterè.
  4. Ajan an rekonèt ke sistèm nan ap pwopoze Itilizatè a kijan pou li ranbouse kredi li san enterè e se Itilizatè a menm ankò ki chwazi kiyès nan fason pou remèt sa yo k ap pi bon pou li.
  5. Ajan an rekonèt ke menm si kredi sa yo pa gen enterè, sa Itilizatè a dwe a kapab ogmante lè li pa respekte dat limit pou li te remèt la. Li dwe enfòme Itilizatè a de sa.
  6. Ajan an rekonèt ke li dwe di Itilizatè a genyen frè ki tou akonpanye kredi sa yo. Se Itilizatè a menm ki dwe peye frè sa yo.
  7. Ajan an rekonèt ke si li aletranje, tout tranzaksyon OMNI Itilizatè a ap fè kay li kòm ajan, yo ap koute Itilizatè a 2 OMNI.
  8. Ajan an rekonèt ke tout OMNI Itilizatè a ap retire nan lòt peyi ki pa Ayiti ap koute Itilizatè a 2 OMNI tou.
  9. Ajan rekonèt ke tout Itilizatè ki genyen yon kont OMNI + se OMNI Kredi kap peye Ajan an 2 OMNI yo pou Itilizatè a.
  10. Ajan an ki aletranje a rekonèt ke si li pa gen ase kash pou li fè tranzaksyon sa yo nan fon pa OMNI Kredi gen nan men li, li ka toujou itilize fon pa li epi mande ranbouseman nan app la. Ajan an ap resevwa 0.53% an plis sou tranzaksyon sa a.
  11. Ajan ki an Ayiti a kapab itilize fon pa li tou jan sa te gentan eksplike nan paj ki avan yo.
  12. Ajan an rekonèt ke kondisyon sa yo ka chanje a nenpòt moman. OMNI Kredi ap toujou fè e Ajan an e Itilizatè a konnen sa. Si yo kontinye itilize sèvis yo, sa vle di yo dakò ak chanjman yo.
    46. OBJEKTIF AVANS YO Tout Avans ke Itilizatè k ap fè kredi a bay OMNI NOVAS Groups, LLC yo ekri yon kote. Ajan an kapab gen aksè ak garanti Itilizatè a te bay avan li fè kredi yo :
  1. Si dat pou ranbouseman an pase epi pou Kredi a remèt e sa pa fèt, byen yo ki te kenbe a kapab pase sou posesyon pa Ajan an ;
  2. Si te gen frè pou operasyon sa yo, Ajan an rekonèt ke y ap sòti nan tranzaksyon pou posesyon sa pou vini jwenn OMNI NOVAS Groups, LLC.
  3. Si posesyon sa yo dwe transfere vin jwenn Ajan an, OMNI NOVAS Groups, LLC ap fè sa nan yon delè ki pa depase 72è.
 47.   PENALITE POU RETA
  1. Ajan an dakò ke OMNI Kredi gen dwa mete yon penalite 0.5% (ou plis) chak jou pou nenpòt kredi ki an reta ke Itilizatè a ta fè.
  2. Ajan an dakò ke nenpòt kredi ki pa ranbouse 48 è de tan aprè jou ki se dat Itilizatè a te dwe ranbouse a ap tonbe anba penalite sa, men penalite sa pa dwe depase 40% total sa Itilizatè a te resevwa kòm Kredi a.
48.   Sekirite
  1. OMNI Kredi garanti Ajan an ke Itilizatè OMNI Kredi a dwe bay sa li genyen kòm yon mwayen sekirite pou ede rekipere sa li jwenn kòm kredi a.
  2. Ajan an dakò ke pou sekirize tranzaksyon yo, Itilizatè a pap ka resevwa kredi otomatikman li enskri.
  3. Ajan an dakò ke Itilizatè a dwe fè tranzaksyon sou sistèm nan jouk tan konfyans rive etabli.
  4. Ajan an dakò ke kòm yon mezi sekirite, Itilizatè a dwe kite yon kat debi osnon kredi sou sistèm nan kòm kolateral si li genyen kat sa yo. Osnon, li dwe bay 2 pyès ki pou idantifye li ak kèk lòt enfòmasyon ankò.
  5. Ajan an dakò ke Itilizatè a rekonèt ke li bay OMNI NOVAS Groups, LLC otorizasyon pou fè yon preotorizasyon sou kat la ki nan dosye a. Si pa gen kat nan dosye a, Itilizatè a dwe fè yon lòt moun siyen pou li.
  6. Ajan an konnen ke Itilizatè a dakò ke preotorizasyon sa ka itilize pou ranbouse Ajan an jan sa di nan sa ki ekri la nan Akò sa a ak Dokiman Sekirite yo.
  7. Ajan an dakò ke OMNI Kredi mande Itilizatè a pou li dakò ke li pral ranbouse pou remèt prensipal kredi a, frè yo, frè legal ak dèt yo pou sa ki di nan tèm ak kondisyon yo ki detaye nan dokiman ki anekse ak sila a.
  8. Ajan an dakò ke tout Kredi prezan ak fiti Itilizatè a ki se moun k ap fè kredi a anvè Ajan an (kolektivman, “Obligasyon yo”), Itilizatè a ki se Moun k ap fè kredi a ap genyen pou li remèt yo via Ajan OMNI yo.
  9. Daprè kondisyon sa yo, Ajan an genyen garanti ke Itilizatè a rekonèt ke li bay OMNI NOVAS Groups, LLC dwa pou sede, bay ak transfere bay Ajan an, san okenn privilèj ki pa gen Obligasyon pou Itilizatè a otorize OMNI Kredi pou fè sa, tout dèt li yo, reklamasyon ak demand yo dwe kounye a oswa aprè dat sa li dwe ranbouse a fin ekspire;
  10. Itilizatè a ansanm ak Ajan an dakò egzekite sa ki ekri nan Dokiman OMNI Kredi yo daprè kondisyon OMNI NOVAS Groups, LLC te bay Itilizatè ki jwenn kredi a ak garanti pou Ajan an jwenn sa li bay kòm kredi a an aprè.
  11.  Itilizatè a rekonèt ke li pa gen okenn blokis li ka mete legalman ni okenn obligasyon pou li ta bay pou otorize OMNI NOVAS Groups, LLC itilize sa li te bay kòm garanti yo dapre Lalwa pou ranbouse kredi li yo.
  49. GARANTI AJAN AN
  1. Osi lontan ke Kredi a oswa nenpòt ki kantite OMNI ki bay kòm garanti osnon kòm kredi a ta la, OMNI NOVAS Groups, LLC ap gen dwa pou l aksepte ke Ajan an ka fè Itilizatè a kredi a selon sa ki di nan Akò sa a.
  2. Ajan an gen garanti ke OMNI Kredi jwenn mo Itilizatè a k ap fè kredi a bay kòm garanti ke li se yon sitwayen ki pa gen okenn pwoblèm pou egzèse dwa li kòm sitwayen. Ajan an bay menm garanti sa yo tou.
  3. Osnon, Ajan di li se yon sosyete ki byen òganize, ki egziste validman epi, selon sa li konnen, li pa gen okenn restriksyon ni demann espesyal pou li fè pou li bay sèvis sa. Itilizatè a bay menm garanti sa yo tou.
  4. Ajan an dakò e rekonèt ke li an bon pozisyon dapre Lwa peyi Dayiti ak nan tout jiridiksyon kote OMNI Kredi touche lè li fè biznis.
  5. Ajan an dakò ke Itilizatè a k ap fè kredi a gen pouvwa ak otorite pou li mande kont lè li santi dwa li ak pwoteksyon lalwa ba li viyole.
  50. GARANTI AJAN KI ALETRANJE YO
  1. Osi lontan ke Kredi a fèt sou teritwa peyi Dayiti, Ajan an ki altranje a rekonèt li la sèlman pou li remèt kredi key on Itilizatè jwenn depi Ayiti.
  2. Osi lontan ke Kredi a fèt sou teritwa peyi Dayiti, Ajan an ki altranje a rekonèt li la sèlman pou li resevwa ranbouseman nenpòt ki kantite OMNI ki bay kòm Kredi an Ayiti pou Itilizatè a ki vin ranbouse a.
  3. Garanti ki genyen sou sa, sè ke ajan an ap jwenn yon frè de baz ki se $2 USD kòm frè komisyon pa li nan men Itilizatè a lè tranzaksyon an ranbouse osnon resevwa aletranje.
  4. OMNI Kredi li menm garanti Ajan an ki aletranje a 1.47% sou total tranzaksyon ki fèt pou mwa a e se OMNI Kredi k ap depoze li sou kont li pou li.
  5. Kòm kredi a fèt an Ayiti, OMNI NOVAS Groups, LLC ap gen dwa pou l aksepte ke Ajan an ka fè Itilizatè a kredi a selon sa ki di nan Akò sa a.
  6. Ajan an ki aletranje a dakò ke li paka mande Itilizatè a okenn lòt frè ankò aprè $2 USD.
  7. Sistèm nan ap kalkile total tranzaksyon Ajan an fè pou mwa a epi depoze li sou kont Ajan an pou li nan bank Ajan an.
  51. DEFO NAN RANBOUSEMAN AN
  1. Si, pou nenpòt rezon, Itilizatè a k ap fè kredi OMNI an pa fè okenn pèman alè, Itilizatè ki fè kredi a dwe peye yon penalite ki se 0.5% chak jou sou total kredi li te fè a. Ajan an dwe di itilizatè a sa.
  2. Lè sa a, OMNI NOVAS Groups, LLC ka mande ranbouseman Itilizatè a pou li fèt imedyatman nan tout rès balans ki poko ranbouse nan Kredi sa a, san yo pa bay pèsonn plis avi.
  3. Si Itilizatè ki fè kredi a pa ranbouse tout montan Kredi a lè dat ranbouseman final la ekspire, OMNI Kredi ap fè Itilizatè a ranbouse penalite sou balans ki poko ranbouse a nan 0.5% chak jou. Ajan an pap resevwa anyen nan penalite sa a paske OMNI Kredi ap gentan ranbouse Ajan an avan sa.
  52. Dwa pou konpanse
  1. Si Kredi sa a vin rete san peye aprè 30 jou, Itilizatè a rekonèt ke OMNI Kredi via OMNI NOVAS Groups, LLC ap gen tout dwa legal pou li fè Itilizatè a ranbouse Kredi sa a nan nenpòt depo oswa sekirite Itilizatè ki fè kredi a genyen avèk OMNI Kredi san li pa bay Itilizatè a avètisman an. Se menm jan an tou pou Ajan an.
  2. Sa ki ekri la a se dènye avètisman ke Itilizatè a genyen. Ajan an genyen menm avètisman sa a tou.
  3. Si OMNI Kredi bay Itilizatè a yon ekstansyon tan pou li ranbouse Kredi sa a, Itilizatè a toujou dwe remèt tout Kredi a nan peryòd ekstansyon an.
53.   Frè koleksyon
  1. Si OMNI Kredi ta remèt Kredi kliyan sa a ak yon avoka pou kolekte dèt sa, lè sa a, Itilizatè OMNI Kredi a dakò pou ranbouse yon frè avoka ki kapab pou pi piti nan 20% osnon plis nan balans Kredi ki poko ranbouse a. Se menm jan an tou pou Ajan ki ta sou fè foub ak sa li genyen nan men pou OMNI Kredi.
  2. Frè sa a pral ajoute nan balans lan ki poko ranbouse nan Kredi a osnon nan sa Ajan an genyen nan men pou OMNI Kredi.
  3. Itilizatè sa osnon Ajan sa a ka pa janm jwenn chans non plis pou itilize platfòm OMNI Kredi yo ak lòt platfòm OMNI NOVAS Groups, LLC ap jere yo.
  54. DEVWA PA ITILIZATÈ A
  1. Anpil evènman konn rive nan lavi a. Si pou yon rezon osnon yon lòt Itilizatè ki fè Kredi a ta genyen yon difikilte pou li respekte angajman sa, li dwe fè konnen sa 24è de tan avan dat limit pou li te ranbouse Kredi a. Ajan an konnen sa tou ke li menm jan an tou pou Ajan an.
  2. Si Itilizatè a kalifye pou yon ekstansyon, Itilizatè a ap wè yon bouton nan app OMNI Kredi a kote pou li mande sa.
  3. Si Itilizatè a pa wè bouton sa a, sa ta ka vle di li pa kalifye pou sa. Lè sa, li dwe rele osnon voye yon imel bay OMNI Kredi pou aplike pou yon ekstansyon.
  4. OMNI Kredi gen tout dwa li pou li swa aksepte osnon rejte demann sa.
  5. Nan ka demann sa a ta rejte, Itilizatè a rekonèt ke li dwe koube ak prensip sistèm nan.
  6. Eksepte jan sa a ekspreseman, OMNI Kredi pa pral oblije bay Itilizatè ki fè kredi a okenn avi sou defayans li nan objektif pou mete Itilizatè a ki se Moun k ap fè kredi a nan Lis moun ki fè defayans lan.
  7. Pati sa a ki an defo a ap rete nan lis sa a pou tout tan sof si li ta ranbouse.
  8. Tout sa ki di la yo ap aplike pou Ajan ki ta ka prete nan men patnè OMNI Kredi yo tou.
  55.   Lwa ki anvigè
  1. Akò sa a, entèpretasyon ak ranfòsman li yo pral gouvène pa e an akò ak lwa Repiblik Dayiti ki se peyi kote Kredi yo bay la.
  2. Kredi yo ka debloke nan nenpòt peyi kote Itilizatè a ap resevwa li osnon rezide, men se lwa Repiblik Dayiti kap konsidere pou tranzaksyon sa yo paske se la Kredi a fèt.
  56.   Divizabilite
  1. Nenpòt dispozisyon nan Akò sa a ki entèdi oswa ki pa ka egzekite nan nenpòt jiridiksyon an pral, nan domèn sa a, rete anba jiridiksyon Peyi Dayiti.
  2. Si yon dispozisyon pa efikas nan limit entèdiksyon sa a oswa ki pa ka aplike san yo pa anile rès dispozisyon ki nan jiridiksyon sa a; oswa ki afekte validite; oswa jan dispozisyon sa a dwe egzekite a pa menm ak lwa ki nan lòt jiridiksyon sa a, OMNI Kredi ap tout senpleman anile tranzaksyon an.
  57. RANPLASMAN LÈT ANGAJMAN Akò sa a ranplase nenpòt lèt angajman ant Ajan yo, Itilizatè yo, ak OMNI NOVAS Groups, LLC ki te ka bay an koneksyon avèk Kredi ki anvizaje nan Akò sa a. Tout lòt lèt angajman ki pa an kontradiksyon ak Akò sa a yo ap rete.
 58.   DAT FÒMÈL Pou rezon konvenyans, OMNI Kredi, Itilizatè yo, ak Ajan yo ka refere yo ak Akò sa a kòm si li gen dat fòmèl kèlkeswa dat aktyèl egzekisyon li osnon tranzaksyon an te fèt la. Men Ajan an siyen nan dat sa {{dat_ou_ranpli_fòmilè_a}}
59.   LÒT AKÒ Akò sa a ka egzekite ak nenpòt ki kantite lòt akò sou kote ki siyen. Yo chak nan yo dwe konsidere kòm yon orijinal, men tout akò sou kote yo dwe ansanm konstitye yon sèl ak menm enstriman.
60. AMANNMAN AK DISPANS
    1. Itilizatè a ak Ajan yo konnen ke OMNI Kredi kapab amande Akò sa a a nenpòt moman aprè li fin avèti yo ke genyen nesesite pou pote amannman sa yo.
    2. OMNI Kredi ap sèlman enfòme Itilizatè a asanm ak Ajan yo de modifikasyon ki pote yo.
    3. Si Itilizatè a ansanm ak Ajan yo kontinye itlize sèvis la aprè dat yo jwenn notifikasyon sa a, sa vle di yo dakò ak chanjman yo.
61.   KREDI-JIMO Si Itilizatè ki fè kredi a ap siyen Akò sa a kòm yon ko-anprentè, Itilizatè ki siyen pou moun kap fè kredi a dakò pou l responsab egalman ak Itilizatè ki fè kredi sa pou li remèt li si lòt Itilizatè a pa fè sa. Se menm jan an tou pou Ajan an, si li reprezante yon gwoup moun osnon yon antrepriz, menm si antrepriz la ta fèmen osnon òganizasyon an ta kraze, se Ajan an ki responsab pou ranbouse pou tout lòt moun ki te siyen yo.  
Siyati AJAN AN