Pou ajoute OMNI sou kat ou
Kit se pou w achte sou nèt la osnon pou w peye yon lòt moun, OMNI Kredi bay opòtinite ak tout itilizatè li yo pou yo genyen yon kat debi ke yo ka rechaje ak balans yo genyen sou kont yo. Gen omwen sis fason pou rechaje OMNI Kat la ke OMNI Kredi bay la.
- Pi bon fason pou ajoute OMNI sou kat ou se jwenn yon ajan nan zòn ou an lè w chèche ajan ki pi pre yo nan aplikasyon an (oswa ISIT La ). Ou ka jis klike nan aplikasyon an sou lyen kote yo di ” Jwenn Yon Ajan ” ( ou ka klike la a tou ) epi sèvi ak filtè a pou jwenn youn ki pi pre a. Sa ap koute ou 2 OMNI pou chak tranzaksyon kèlkeswa kantite OMNI ou bezwen. Nou ka voye yon ajan mobil ba ou tou si w mande youn nan aplikasyon an oswa si w klike la a . Nou va rele w pou fè yon aranjman pou sa, men ajan mobil yo pa disponib toupatou pou kounye a. Sinon, ou ka itilize youn nan lòt opsyon ki anba yo.
- Ou kapab wè lòt metòd yo ISIT LA TOU
- Si w kalifye pou w itilize kat debi a, wap wè yon bouton ki make kat, epi rechaje kat ou. Wap mete ki kantite ou vle depose sou kat la epi sib posesis nòmal la.
- Li koute 5 à 10 OMNI pou tranzaksyon sa yo tou depan de kantite a.
- Pou rezon sekirite, nou kapab ranplase kat ou a epi voye yon lòt nimewo ba ou si nou remake genyen fwòd.