Konsènan OMNI Kredi
Nou kwè aksè a bon kalite kredi se yon dwa pou tout moun.
A-Kisa OK ye?
- OMNI Kredi pa yon sèvis transfè. Men Itilizatè yo ka itilize li tankou yon sèvis pou mete kredi sou kont ou osnon pou w voye ak resevwa kredi.
- OMNI Kredi geyen yon aplikasyon ki pèmèt ou kreye kont ou ak posibilite pou w voye ak resevwa kredi lè w itilize OMNI ki se yon pwopriyete vityèl ke OMNI NOVAS Groups LLC kreye.
- OMNI Kredi se yon platfòm “konfyans” kote ou kapab genyen pwòp pwopriyete vityèl pa w ki lye ak repitasyon ou.
- Pwopriyete vityèl sa a rele OMNI ki lye ak yon sistèm pou ou resevwa nòt kredi ki gen rapò ak repitasyon “ elektwonik ” ou lè app la detekte bon konpòtman w.
- Platfòm sa a la pou ede w, kit w ap viv aletranje osnon lakay, konstwi pwòp kredi pa w lakay ou e pou w ede moun ou renmen anpil yo bati pwòp kredi yo tou.
- OMNI Kredi se konsa tou yon sèvis an liy ki pèmèt moun ki lòt bò voye kredi bay fanmi yo ak zanmi yo Ayiti.
- Konsa tou, moun ki Ayiti yo ka voye kredi pou fanmi yo ak zanmi yo a letranje.
- Moun kap achte sou entènèt kapab itilize sèvis OMNI Kredi a tou pou yo genyen pwòp kat debi yo osnon kat kredi yo pou yo achte sou entènèt nan nenpòt ki peyi.
- Avèk OMNI Kredi, ou ka prete, voye oswa retire kredi w yo an dola ameriken lè w vann OMNI ou genyen yo bay yon ajan.
- Si se ou k ap resevwa kredi yo, ou kapab resevwa kredi yo an OMNI.
B- Kisa OMNI an ye?
- OMNI se yon pwopriyete vityel.
- OMNI pa yon lajan ki kripte menm jan ak kèk lòt ki sou mache a.
- OMNI pa menm bagay ak OMNI Layer.
- OMNI pap janm pèdi valè. E menm si dola a ta tonbe atè plat, w ap kapab vann OMNI w yo nan yon lòt deviz ki pi wo.
- Frè yo ap afiche nan aplikasyon kap la pou fè tranzaksyon sa yo.
- Dola yo kapab konvèti an OMNI ki se yon pwopriyete vityèl ke moun ka echanje ak lòt moun pou tout tranzaksyon nan lavi reyèl ke lalwa pa entèdi.
C- Ki enpòtans OMNI Kredi genyen?
- 1 OMNI egal $1 US. Li pap janm chanje.
- Si dola a ta pran bon sabò, OMNI an ap vin gen menm valè ak yon deviz ki pi wo ke entelijans atifisyèl la ap chwazi.
- Lè chanjman deviz sa a fèt, app la ap voye yon mesaj ba ou pou fè w konnen sa.
- Si dola a ta tonbe atè plat, w ap kapab vann OMNI w yo nan lòt deviz ki pi wo ke entelijans atifisyèl la sigjere a.
- Pou kounye a, 1 OMNI egal $1 US; Kidonk, kantite OMNI ou genyen sou kont ou se kantite dola li ye tou.
- Ou ka retire OMNI ou yo an dola si w ale jwenn ajan OMNI ki pi prè a pou w ka vann li OMNI ou yo epi resevwa dola pou yo.
- Ajan an ap tou montre w kouman pou w fè tranzaksyon yo sou app la.
- Ou ka jwenn lis ajan ki pi prè w yo andedan app la lè w klike sou “Jwenn yon Ajan”.
- Si w pa genyen app la, Ajan an ap ede w enstale li.
D- Kisa ou ka fè ak OK?
- Avèk OMNI Kredi, ou ka jwenn kredi sou fòm OMNI daprè enfòmasyon app la kolekte sou sit entènèt nou yo ak kèk lòt faktè ankò.
- Anplis de sa, daprè kantite pwen ou genyen nan OMNI Kredi kòm nòt, ou pral jwenn yon mesaj nan app la pou ka aksepte oswa refize kèk OMNI ke app la ofri w pou w prete a Kredi.
- Ou ka chanje OMNI sa yo atravè ajan yo pou ou resevwa kash an USD osnon voye yo bay yon lòt itilizatè sou app la.
- Aplikasyon an pral sigjere w dat limit pou w remèt OMNI sa yo.
- Lè w dwe osnon vle ranbouse kredi sa yo, wap jis ale kay yon ajan pou w depoze li sou kont ou ankò epi wap resevwa OMNI pou remèt administratè a.
- Kredi nou yo se pou itilize a kout tèm sèlman epi yo se opsyon ki pi bon mache …
- App la pa fè kredi pou anpil tan. Se app la kap sigjere w dire a.
- Si w ranbouse kredi sa a tan, ou pap peye okenn penalite.
- Menm si kredi sa yo pa gen enterè, sa w dwe a kapab ogmante lè w pa respekte dat limit pou w te remèt la.
- Genyen frè ki tou akonpanye kredi sa yo. Se ou menm ki dwe peye frè sa yo.
- Tout depo w ap fè kay ajan yo ap koute w 2 OMNI.
- Tout OMNI w ap retire nan lòt peyi ki pa Ayiti ap koute w 2 OMNI tou.
- Kondisyon sa yo ka chanje a nenpòt moman. N ap toujou fè w konnen sa e si w kontinye itilize sèvis yo, sa vle di ou dakò ak chanjman yo.
E- Ki tranzaksyon ou ka fè ak OK?
- Ou kapab fè tranzaksyon ak OMNI lè w bezwen achte, touche osnon peye.
- Kit se pou kay ki nan lwaye, lekòl pitit ak fanmiy ki pou peye osnon dèt lopital, OMNI se pi bon pwopriyete vityèl ou kapab genyen pou tranzaksyon sa yo.
- Ou pa bezwen mache ak magogo kash sou ou paske nou ka al livre OMNI ou yo ba ou avèk Drone nou yo nenpòt kote. Sispann viv nan KO ! Telechaje OK ! OK ?
Frantz Alcimé, Prezidan Fondatè
F- Poukisa ou dwe chwazi OK?
Imajine konbyen moun ki mouri osnon kidnape nan soti chache OMNI labank osnon nan biwo transfè? Ou imajine konbyen fwa lapolis jwenn ke se kèk nan menm moun ki travay nan biwo sa yo ki voye atake moun yo deyò a? Imajine w ale retire OMNI w travay di pou li a labank epi bank l an di w ou p ap ka retire tout sa. Ak OMNI Kredi pa gen tout saltenbank sa!
Ou pa bezwen deplase al riske vi w pou w ale touche byen ke w genyen osnon bagay ke w vann lakay. Kit ou Ayiti osnon aletranje, ou ka fè nenpòt moun kap peye w fè sa lè li ale lakay yon ajan OMNI pou li swa depoze OMNI sou kont li pou voye ba ou osnon tou voye OMNI yo ba ou dirèkteman. Lè sa a, lap peye ajan an yon frè ki fiks ki se 2 OMNI pou sa. Ou menm, si w aletranje, ou peye sèlman 2 OMNI tou pou w vann OMNI sa yo ak yon ajan pou w ka jwenn dola.
G- Kijan OMNI Kredi a fonksyone ?
- Ou ka rechaje kont ou ak OMNI aletranje nan nenpòt kote ou wè ki ekri “Haiti OK / Ayiti OK isit la”.
- Moun k ap resevwa a ka resevwa kredi yo an OMNI.
- Kòm 1 OMNI egal $ 1 US, kantite OMNI pèp la genyen sou kont li se tou kantite dola li genyen literalman.
- Si w voye 200 OMNI bay yon lòt moun se tankou ou te voye $200 US tou ba li. Kidonk, moun kap retire sou kont yo ka retire OMNI yo an dola.
H- Kijan pou w kalifye pou w prete OMNI nan OMNI Kredi ?
Pou w kalifye sou sistèm nan pou w prete OMNI :
- Ou dwe genyen yon kont OMNI Kredi depi pou pi piti 2 mwa.
- Ou dwe genyen yon kont ofisyèl ki verifye sou platfòm OK a.
- Pou w se yon itilizatè ki verifye, ou dwe aktive tout bouton ki make aktive plan pou prè yo; W ap peye 30 OMNI pou sa ki se ekivalan $30 US; Bouton sa ap ka dezaktive otomatikman pou kò l aprè 1 lane. Lè sa, wap kapab reaktive l si w renmen sèvis la.
- Frè pou w itlize sèvis prè yo ka chanje a nenpòt ki moman e yo pa genyen okenn efè sou moun ki manm deja.
- Ou dwe peze bouton ki make Aktive Prè a nan app OMNI Kredi a.
- Ou dwe fè tranzaksyon pou yon kantite OMNI jiskaske app la ap di w ke li etabli konfyans ak ou pou fèw kredi.
- Depan de kredi w, ou ka gen bezwen fè tranzaksyon swa pou voye osnon resevwa 1500 OMNI pou pi piti epi sistèm nan ap otomatikman di w pou konbyen OMNI ou kalifye.
- Konsa tou, si w konn bay ratman deja, sistèm nan ka pa ofri w kredi sa yo menm si w fè volim tranzaksyon sa yo.
- Lè w pran kredi nan OMNI, ou gen pou pi piti 7 jou pou w bay li san enterè.
- Konsa tou, app la kapab pwopoze w pou w pran yon prè olye de yon kredi e se app la kap tou di w ki kantite li pwopoze w.
- Si w te pran yon kredi pou 7 jou ou pa peye li, sistèm nan ap chaje w ant 0.25 ak 0.50% frè kòm penalite chak jou jouk tan w fin peye l.
- Si w pa peye li, dosye a kapab ale nan koleksyon ak biwo kredi yo e w ka pa janm gen chans pou prete ankò sou sistèm nan.
- Tout sistèm OMNI yo tou konekte youn ak lòt. Ou ka pa janm jwenn chans benefisye avantay kap vini yo paske ou ka vin tounnen yon kat make.
- Atansyon, ou pap kapab genyen plizyè kont sou sistèm nan menm si w ta itilize lòt enfòmasyon.
I- Kijan ou kapab resevwa OMNI sou telefòn ou ak OMNI Kredi ?
- Si w se moun kap resevwa a, ou kapab ale jwenn ajan OMNI ki pi prè w la pou ou ka vann li OMNI ou yo epi resevwa dola pou yo.
- Si w nan peyi kote ki genyen Zelle, CashApp, Venmo, Paypal, elatriye, ou ka resevwa OK OMNI ou vann yo sou kont ou.
- Depo kapab fèt dirèkteman sou kont ou tou sou kat Debi w.
- Nou genyen sèvis Ajan Mobil la ke nou ap teste nan kèk vil. Yon ajan ka pote l pou ou kote w ye a.
- Yon Ajan ka tou montre w kijan pou wete OMNI yo sou kont ou.
Kalite kredi yon pèp bal plis opòtinite
Pwodwi nou yo reflete kat ideyal:
Moun ki anba nechèl sosyete a konte tou. Nou paka ale lwen si gen plis moun ki nan bafon an ke nan wout la. Se pou sa, nou bay aksè ak sila yo ki pi ba yo pou bati kredi yo pou genyen aksè pou prete tou. Prete pou envesti osnon fè lòt bagay pa dwe yon liks. Nou fè efò pou bay yo yon chemen nan aksyon nou poze pou sitwayen parèy nou yo ki soti nan pi ba nivo nechèl la ak tout mond lan pou yo avanse epi jwenn aksè pou aplike pou plis kredi atravè platfòm nou an. Se sa ki fè nou fè li san enterè ak yon pri ki pi ba pou frè ki dwe peye yo..
Modèl ekosistèm kominotè nou an baze sou sitwayen imen parèy nou yo kidwe jwenn chans pou reyisi tou. Anpil nan yo koumanse reyisi (remèt kredi yo alè epi peye balans yo genyen sou kat kredi yo). Sila yo ki lòt bò dlo ka ede sila yo ki rete lakay bati kredi yo san yo pa bezwen voye OK lakay. Kredi nou tout konte. Ann bouste ekonomi lakay lè chak grenn moun pare pou yo ede yon konpatriyòt gen plis diyite.
Nou fè efò pou fè pwodwi nou yo fasil pou konprann e ke li posib pou plis moun itilize teknoloji yo pou sòti tèt yo nan lavi a. Se sa ki fè nou rann sistèm nou an transparan. Premye etap la nan aplike pou yon kredi ak OK se fikse tèm ou vle ant sa ki sijere pa sistèm entèlijans atifisyèl nou an. Sistèm nan ap pwopoze w kijan pou w ranbouse kredi w san enterè e se ou menm ankò ki chwazi kiyès nan fason pou remèt sa yo k ap pi bon pou ou.
Anpil nan nou anvi tounnen lakay. Anpil nan nou lakay anvi viv pi byen lakay. Men avèk yon pi bon sistèm kredi, anpil bagay pap tankou liks pou nou. Se pou sa, pwodwi nou yo ankouraje ak rekonpanse aksyon ki ta ka lakòz pi gwo nòt kredi toutan pou sitwayen imen parèy nou yo ki soti nan tout mond lan ka grandi nan finans yo. Nou rekonpanse moun ki serye lè nou anile tout enterè yo. Pwouve ke w se yon moun serye kapab ede w jwenn plis kredi epi grandi lakay.
J- Kijan pou w itilize app OMNI Kredi yo ?
- Kit ou se moun kap voye kredi a osnon resevwa a, kit se moun kap voye ba ou osnon resevwa nan men w lan, nou tou de dwe genyen app la pou nou fè tranzaksyon yo.
- Ajan yo tou dwe genyen app la ansanm ak yon telefòn ki disponib pou ede w kòm kliyan ki pa gen telefòn osnon ki gen telefòn ki pa ka pran app la.
- Kit ou se moun k ap mete osnon wete OMNI sou fòm kach, ou dwe mete nimewo ajan an osnon eskane QR Code pa ajan an.
- Ou dwe genyen yon kont pou w fè yon tranzaksyon.
K- Kijan ou ka itilize OMNI Kredi si w pa gen telefòn Android ak iOS ?
- Si w se yon moun ki gen telefòn ki pa ka pran app Android osnon iOS yo, w ap sèlman bay ajan an nimewo telefòn ou pou ajan an ka itilize telefòn pa li pou ede w fè tranzaksyon yo.
- W ap sèlman bay ajan an #telefòn ou men se ou ki dwe mete PIN ke OMNI Kredi te voye ba ou nan SMS la.
- Se konsa w ap ka mete osnon wete kredi sou fòm OMNI sou app la sou telefòn ajan yo.
- Toujou dekonekte nan app la nèt lè w fin fè tranzaksyon w yo. Ale nan pwofil, peze dekonekte, peze dekonekte nèt
L-Kijan PIN nan fonksyone?
- Nimewo PIN nan genyen 4 chif.
- Li pa ka genyen ni plis ni mwens.
- Li pa ka genyen lòt bagay non plis ke chif.
- Ou dwe evite mete PIN ki twò fasil tankou dat ou fèt, 4 dènye osnon premye chif telefòn ou yo paske, pou kounye a, nenpòt moun ki konnen PIN nan ak telefòn nan ka fè tranzaksyon sou kont l an e OMNI Kredi pa responsab sa.
- Sepandan, OMNI Tech ap travay sou teknoloji ki pou pèmèt ke app la fè foto tout moun kap fè tranzaksyon sou telefòn yo pou verifye ke se yo menm vre ki mèt kont lan lè pou yo prete, mete, voye, osnon wete kredi sou fòm OMNI sou kont yo.
- Ou dwe konekte nan app la la menm ou resevwa PIN tanporè OMNI Kredi voye ba ou a pou w mete PIN pa w.
- Si wap retire kredi sou fòm OMNI ou pa dwe kite okenn moun konnen PIN ou.
- Menm ajan yo pa dwe konnen PIN nan.
- Si se sou telefòn pa w ke w konekte, sistèm nan ap toujou mande w pou w seleksyone areya kòd peyi w genyen telefòn nan ansanm ak PIN nan chak fwa w vle konekte.
- Si se sou telefòn pa yon ajan ou konekte pou w kapab prete, voye, mete, osnon resevwa kredi sou fòm OMNI, ou dwe dekonekte sou app la avan menm ou deplase.
- Ajan an dwe montre w tou ke ou dekonekte sou telefòn nan avan menm ou deplase. Pou yo fè sa, w ap peze :
- pwofil,
- dekonekte,
- dekonekte nèt
- Peze ou bliye modpas ou pou w ka chanje li
- Antre nimewo telefon ou anko
- Verifye si w resevwa yon SMS ak yon nouvo PIN.
M- Ki etap pou w vann OMNI w yo ak yon ajan?
- Kredi OMNI yo ka wete nan koperativ ak kay ajan ki patnè nou yo.
- Nan app la, ou ka wè nan chak vil ak depatman lis koperativ ki pi pre zòn ou ye a pou w ale wete li.
- Si se pou yon lòt moun wap voye, ou ka verifye sa pou li tou.
- Lè ou menm osnon moun sa rive kay ajan an, w ap di ke ou vin retire OMNI Kredi sou app ou a.
- Lè sa, yon ajan nan koperativ sa yo ap ka oryante w pou w fè sa.
- Tout moun k ap resevwa kredi yo ap jwenn yon SMS.
- Moun ki voye kredi yo tou ap resevwa SMS de OMNI Kredi.
- Si pa gen ajan nan zòn sa, li depann de ki kantite moun ki fè tranzaksyon sou sistèm nan pou jounnen an pou li ka pran ant 5 minit ak 24è de tan pou yon Ajan Mobil nan sèvis kliyan ki nan zòn kote ou menm osnon moun nan ye a kontakte l pou l ka retire kredi a sou fòm kash.
- Lè konsa, si w potko janm genyen app la, ajan an ap enstale li pou ou si telefòn ou an ka pran li.
- Se mèt kont lan ki dwe toujou mete nimewo PIN li an sou app la sou telefòn nan.
- Ou kapab kontakte OMNI Support sou WhatsApp sa a si w bezwen lokalize yon ajan tou (+1-774-316-2926).
- W ap resevwa mesaj sou nimewo whatsapp entènasyonal sa enfòmmasyon pou w ka konnen ki ajan ki pi prè pou w ka wete kredi a. W ap resevwa yon SMS tou.
- Si sèvis kliyantèl la pa ka jwenn ou osnon kliyan an sou whatsapp, kòdonatè nasyonal la ap kontakte w osnon moun nan nan yon apèl telefonik nòmal pou fè sa.
- Si OMNI Kredi pa rive jwenn ou osnon moun nan, biwo santral la ap voye yon SMS bay moun ki te voye kredi a pou fè l konnen sa.
- Konsa tou, si w se yon moun ki gentan jwenn sèvis la deja, ou ka toujou ale kote ou konn abitye wete a pou w ka fè sa.
N- Èske w ka retire tout OMNI ki sou kont lan ?
- Li obligatwa pou w kite 3 OMNI ki se ekivalan $3.5 US sou kont ou pou li ka rete aktif.
- Si w ap retire OMNI sou kont ou e ke sa wap wete a ap kite w ak yon balans ki pi ba pase 3 OMNI, sistèm nan pap kite li pase.
- Ou dwe retire yon kantite OMNI pou balans ou rete a ekri nan app la ke li pi wo pase 3 OMNI.
- Si w kite kont ou a 0 pandan 90 jou, sistèm nan ap dezaktive li epi w ap bezwen peye $4.25 OMNI pou w reaktive li.
O- Kijan ou kapab reaktive kont OMNI Kredi ou ?
Pou w reaktive kont ou,
- Ale kote yon ajan pou w mete kredi sou kont ou.
- Sistèm nan ap otomatikman touche 4.25 OMNI yo avan epi l ap tou reaktive kont kliyan ou an.
- Si li toujou pa aktive, kontakte sèvis sipò nou an pou ka ede w fè sa.
P- Kisa diferans ant OMNI Kredi ak prè OMNI yo?
- YOn kredi se pa yon prè.
- Yon prè se plis yon tranzaksyon garanti pase yon kredi ki se yon tranzaksyon ki fèt pou yon ti tan tou kout.
- Ajan OK yo se patnè tyès ki la pou bay kredi ak kliyan OK yo nan non OMNI Kredi.
- Ajan yo rekonèt ke OMNI Kredi kapab remèt yo kredi sa a pa nepot mwayen yo antann yo sou sa.
- OMNI NOVAS Groups, LLC opere sistèm nan, sekirize tranzaksyon sa yo epi garanti ke tranzaksyon yo fèt san okenn pwoblèm.
- Kit se ou k ap voye oswa resevwa kredi a, e moun k ap voye yo e moun k ap resevwa yo dwe tou de gen yon kont sou aplikasyon an pou fè tranzaksyon yo.
- Ajan yo dwe genyen tou aplikasyon an.
- Si w se pwopriyetè yon telefòn ki pa fonksyone ni ak Android ni ak iOS, ou dwe sèlman bay ajan yo nimewo telefòn ou pou ajan yo ka itilize pwòp telefòn pa yo pou ede w fè tranzaksyon yo.
- Ou menm osnon lòt Itilizatè yo sèlman ap bay ajan an # nimewo telefòn yo men se ou menm kòm itilizatè ki dwe mete PIN ke OMNI Kredi voye ba ou nan SMS la.
Q- Kijan pou ou menm osnon yon lòt moun antre nan OMNI Kredi kòm kliyan?
- Telechaje aplikasyon OMNI Kredi a sou Google Play Store ISIT LA osnon nan Apple Store ISIT LA
- Lè app la ap louvri, aksepte tout otorizasyon li mande w yo (si w konprann yo) pou li ka fonksyone pi byen.
- Seleksyone areya kod peyi kote w genyen nimewo telefòn nan.
- Ale nan espas blanch ki adwat areya kòd la pou w ka mete nimewo telefòn ou an.
- Peze bouton vè ki anba a ki make Konekte / Anrejistre a.
- Si nimewo sa pat janm sou sitèm nan deja, w ap resevwa yon SMS ki genyen yon PIN 4 chif. Ale nan SMS ou yo pou w ka mete PIN nan nan app OK a.
- App la ap tou mande w pou li fè foto w. Ou dwe fè yon foto ki parèt klè. Aprèsa, peze V ki anlè a dwat la pou w ka kontinye.
- Kounye a, app la ap mennen w kote pou w mete enfomasyon ki nan pwofil ou (si w pa genyen yon imel, kite li vid).
- Lè w fini, l ap mande w pou w mete yon PIN 4 chif ke w ap bezwen pou w ka toujou konekte.
- Lè tout pwosesis yo fini, app la ap tounnen ak ou nan paj koneksyon an.
- Reseleksyone areya kòd la epi mete nouvo PIN ou te chanje a.
Toujou reseleksyone areya kòd la chak fwa wap konekte e menm si ou wè li te gentan la. Si ou wè koneksyon an echwe 2 fwa, pa eseye yon twazyèm fwa. Redemare telefòn nan epi re eseye ankò. Osnon, jis di ke w bliye modpas ou pou w ka chanje li.
R- Kijan pou w jwenn depo OMNI dirèk sou kont ou depi Ayiti osnon lòt kote?
- Avèk yon kont OMNI Kredi, ou ka resevwa depo sou kont ou depi nenpòt ki kote ki genyen ajan OMNI osnon nan men nenpòt itilizate ki genyen yon debi kat.
- Li pran 15 segonn pou li depoze sou kont ou epi jiska 2 jou pou li klarifye avan ou ka jwenn kash pou li.
- Ou ka jwenn li menm jou a tou si ou genyen yon kont ki veifye. Pou w verifye kont ou, ekri nan WhatsApp sa +1-774-316-2926
- Retrè nan ATM OMNI yo gratis lè w gen omwen 500 OMNI ki depoze sou kont ou chak mwa.
- Konsa tou, ou ka voye OMNI ou yo sou debi kat ou san w pa bezwen deplase.
- Yon Ajan Mobil OMNI Kredi ka pote li pou ou lakay ou. Kidonk, ou pa bezwen riske vi w lè w genyen OMNI Kredi.
- Nap fè w Kredi a epi w ka peye Ayiti osnon laba.
- Nou ofri 6 lòt posibilite pou w jwenn retire OMNI ou yo. Kontakte nou nan ok@omninovas.com osnon +1-786-607-2050 pou w ka diskite sa ak nou.
Benefis OMNI Kredi bay
Poukisa ou dwe chwazi OMNI Kredi?
- Sipòte sa ki gen menm orijin ak ou
- Itilize yon sèvis ki ka fè w kredi lè w gen bezwen
- Lè w gen ka ijan, lòt yo p ap fè w kredi. OK?
Ki jan OMNI Kredi Fonksyone?
Ki jan pou w bati kredi w lakay nan yon bat je:
OMNI Kredi se yon sèvis sou entènèt ki pèmèt moun k ap viv aletranje voye kredi bay fanmi ak zanmi yo ann Ayiti. Menm jan an tou, Ayisyen k ap viv ann Ayiti kapab voye kredi bay fanmi yo ak zanmi yo aletranje. Achtè sou Entènèt yo kapab tou itilize sèvis OMNI Kredi pou jwenn pwòp kat debi oswa kat kredi pa yo pou achte sou entènèt nan nenpòt peyi. 1 OMNI egal $ 1 US. Kidonk kantite OMNI ou genyen sou kont ou se kantite dola ou posede tou. Ou ka retire OMNI ou an dola. “Kreyòl pale, Ayisyen konprann”. Telechaje OMNI Credit jodi a lè w klike isit la .
Apre w fin telechaje aplikasyon OMNI Kredi a, ou ka kreye pwòp kont ou si w suiv mesaj èd ki nan aplikasyon an.
Kit se voye bay yon lòt moun, envesti, peye, oswa ranbouse, gen omwen sis fason pou ajoute OMNI Kredi nan kont ou.
Patnè nou yo
Ou OK ak OK! OK?
T- Kisa OMNI+ ye?
Jenere pwofi ak OMNI+ lè w depoze pou pi piti 500 OMNI.
- Kit ou fèk kòmanse oswa ou se deja yon pwofesyonèl, OMNI Kredi fè li fasil pou w envesti nan OMNI+.
- OMNI+ se yon kont espesyal kote w ka jwenn plis lè w depoze OMNI w pou yon dire ki pou pi piti 3 mwa.
- Si w depoze 10000 OMNI, pa egzanp, wap jwenn 10 OMNI chak jou ke app la jenere ba ou. Sa ap fè w 300 OMNI anviwon nan yon mwa ki genyen 30 jou. Ou ka toujou itilize 300 OMNI sa yo jan w vle pandan lòt OMNI w yo sere yon kote pou yo fè pitit.
- Ou pap ka retire OMNI sa yo ki nan kont OMNI+ la.
- Ou ka toujou peye yon asirans ijans ki ka pèmèt ou prete aprè 60 jou yon katite ki rive jouk 30% nan balans kont OMNI+ la san w pa bezwen peye okenn enterè.
- Ou pa bezwen retire nan sa w genyen lè w asire w pou sèlman 5% nan sa w benefisye chak jou a.
- Lè dat la rive pou kont OMNI+ ou a libere sa ki te bloke a, sa w te prete a ap tou soti nan total ou te genyen ki bloke a avan rès la tounnen sou kont l an.
- Lè w genyen asirans l’an, w ap toujou benefisye chak jou menm kantite a sou sa w te depoze sou kont OMNI+ la menm si w te prete.
- Li tap pran w 15 lane pou yon bank mete sa a sou kont paw. Kidonk, ou ka planifye avni w ak retrèt ou nan OMNI+.
- OMNI+ bay pi bon avantay pase 401K. Planifye retrèt ou ak li.
U- Eske w ka pèdi OMNI ou yo nan OMNI+?
- NON ! OMNI+ pa menm jan ak yon stòk makèt. Se yon pwodui ki stab epi ki gen menm valè ak dola a.
- Pa gen okenn posibilite pou w ta pèdi OMNI ou yo.
- OMNI ou yo genyen yon garanti ki tou kouvri yo pou yon valè ki reprezante 2 fwa sa w depoze yo.
- Si dola a ta pèdi valè, entelijans atifisyèl la ap kenbe OMNI ou yo an parite ak OK ki pi wo a nan moman an.
V- Èske OMNI entènasyonal ?
- Wi ! OMNI Kredi entènasyonal.
- App OMNI Kredi a sipòte OMNI entènasyonalman ant Ayiti, Etazini, Kanada, Meksik, ak tout lòt peyi kote ki genyen ajan OMNI yo.
- Konsa tou, tout kote moun ka itilize kat debi osnon kredi, yo ka itilize OMNI.
- Tout kote ki genyen Zelle, CashApp, Interac, Venmo, Paypal, elatriye, moun yo ka peye kredi OMNI yo.
W- Èske OMNI Kredi se yon bank?
- OMNI Kredi pa yon bank.
- OMNI Kredi se yon sèvis mikwokredi an liy epi ki gen yon platfòm tranzaksyon elektronik pou jere pwopriyete vityèl ki rele OK a.
- Se patnè OMNI NOVAS Groups, LLC yo ki bay sèvis bankè OMNI yo ak kat debi yo.
- Sèvis envestisman an se OMNI Universal Investing, LLC, (OUI) ki se manm ON Groups ki jere li.
- Envesti enplike risk; men ou paka pèdi OMNI ou yo.
- OMNI Kredi ofri sèvis OMNI+ la via koperativ ki se patnè li yo.
X- Kijan ou ka jwenn OMNI Kat (Debi Kat) yo?
- Pou kounye a, tout kliyan OMNI Kredi yo genyen dwa ak yon kat debi Visa osnon MasterCard gratis sou aplikasyon OMNI Kredi a.
- Sepandan, se app la kap di w kilè ou kalifye pou li.
- Si w aksepte òf kat la, wap tou wè nimewo kat la nan app la lè pou w fè tranzaksyon entènasyonal sou li.
- App la ap toujou mande w PIN ou lè w bezwen wè nimewo kat debi ou a.
- Si w pa wè opsyon sa a nan app la, sa vle di ou poko kalifye pou li.
Y- Èske moun ki dwe w ka peye w an OMNI?
- Wi. Fè moun kap peye w yo depoze OMNI pou ou dirèkteman nan app la.
- Moun ki dwe w ka peye w nan app OMNI Kredi a an OMNI.
- Yo kapab fè depo OMNI dirèkteman nan OMNI Kredi pou ou lè yo ale lakay yon ajan osnon lè yo itilize tout lòt metòd OMNI Kredi bay yo.
- Lè w fin resevwa depo OMNI yo sou app la, ou ka vann OMNI sa yo pou w ka resevwa dola pou yo e dola sa yo kapab depoze dirèkteman nan app ou a sou debi kat nenpòt bank ou genyen an.
- Konsa tou, Ajan Mobil OMNI yo ka pote l pou ou si nou genyen yon ajan konsa nan zòn ou an.
- Tout tranzaksyon sa yo fèt nan peyi Dayiti.
- Se lwa peyi Dayiti ki aplike sou tranzaksyon sa yo.
Z- Èske OMNI Kat (Debi Kat) la ka itilize nan nenpòt ATM ?
- Wi ! Ou ka sèvi ak OMNI Kat la (Debi Kat OMNI an) pou fè retrè osnon depo nan nenpòt ATM.
- Kapab toujou genyen yon fre pou sa. Se ou menm ki pou verifye sa.
Adrès Nou
66 West Flagler Street, Suite 900 Miami, FL 33130
Telefòn
Orè Nou
Lendi-Vandredi: 9am-10pm, Samdi-Dimanch: 10am-9pm